Hot News
Reyaksyon yo pa sispann tonbe aprè vizit delegasyon ameriken lan an ayiti .Se ka pou lide pitit Desalin ki minimize vizit sila ki daprè li pa angaje pèp ayisyen an .Delegasyon sa chita selman ak moun ki konn abitye sèvil dapre esplikasyon Jean Charles Moïse.Ansyen senate kwe moun ki tal chita ak delegasyon an se nan lide selman pou pran…
Samdi, 28 mai 2022 Lionel Baptiste, jounalis ko prezantatè emisyon sosyal/politik « Doléances » ak « Thermomètre » sou radyo Accaau pase yon move moman anba men ajan UDMO yo vandredi 27 me 2022 a sou pon Laravin nan, pandan lt ap kouvri yon manifestasyon kote sitwayen yo t ap mande pou DDS/ TPTK, Renel Soufrant pran responsablite l pou pase men nan twonson…
Ayiti/ensekirite:Pou piti 5 moun mouri anba bal bandi nan kad afwontman gang nan matisan. Batay ant nég ak zam nan Ti Bwa (Fontamara) ak Martissant te kontinye lendi 14 novanm .Omwen 5 moun mouri anba bal sou wout nasyonal 2 nan nivo matisan . Tout aktivite te paralize nan rantre sid kapital la pami yo sikilasyon machin .Sitwayen yo te…
Selon Asosiyasyon Medikal Ayisyèn gen pou pi piti yon trantèn medsen ki viktim kidnapin soti janvye 2022 pou rive jodi an. Depi kòmansman ane 2023 ,pou pi piti 10 medsen viktim kidnapping nan diferan sikonstans daprè AMH. Pwòch doktè Geneviève Arty, pa gen nouvèl li depi jedi 2 fevriye pase a kote bandi te kidnape 'l. AMH pa kache enkyetid…
Nan yon long papye ki pibliye samdi 11 jen an jounal Ameriken Washington Post mete aksan sou yon estrateji gang ame yo itilize an Ayiti pou vann tèt yo pouvwa yo epi devlope anpil lò estrateji: itilizasyon rezo sosyal yo. Ekspè yo mande pou mete fen nan deriv sa a. Daprè Washington Post, Gang yo sèvi ak rezo ki pi…
Aprè demann gouvènman ayisyen an, Lèzetazini te deziyen peyi Kanada pou pran lidèchip yon posib misyon fòs etranje an Ayiti,chak jou ki pase Kanada montre a klè li pa deside oubyen li pa pare pou pran responsabilite sa. Nan yon entèvyou Mèkredi 18 janvye a sou sitiyasyon kriz k ap domine an Ayiti an, Anbasadè Kanada nan Nasyon Zini, Bob…
Sitwayen yo nan Pòtoprens ak Santo Domingo kapital Repiblik Dominikèn te santi yon sekous sismik manyitid 4.8 sou echèl Richter ayè madi 21 fevriye a bò 10:52 pm. Episant tranbleman sa trouvel nan komin Marigot ,sidès peyi Dayiti.Plizyè rivren nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonel yo pat kache laperèz yo nan moman pasaj tranblemann tè a. Pou kounya, nou pa…
Kandida la goch la Luiz Iñacio Lula Da Silva ranpòte dezyèm tou eleksyon prezidansyèl brezilyen an dimanch 30 oktòb la kont advèsè li a, Jair Bolsonaro. Nan yon konpetisyon trè sere, Lula finalman soti avèk viktwa kont pouvwa la dwat k ap mennen bak peyi Brezil ak yon diferans ki gen plis pase yon milyon vòt. 11 ane apre dezyèm…
Alejandro Aguilera Milanés,yon chofè brigad medikal kiben ki te kidnape 23 janvye pase jwenn liberasyon l ayè mekredi 1 fevriye a. Se ministè kiben Sante piblik ki konfime nouvèl liberasyon chofè a daprè jounal Espagnol EFE. «Malgre ensidan sa,manm medikal kiben yo an Ayiti kontinye ap bay popilasyon an sèvis swen bay popilasyon an lokal selon swivan mezi sekirite ki…
Réseau National des Groupes Sanguins de Rhésus Négatifs (RENAGSANG) denonse anlèvman ak sekestrasyon pòt pawòl estrikti a Jean Thony Lorthé vandredi 3 fevriye 2023 a nan laboule 12 .Nan kad yon konferans pou laprès ayè lendi an ,kodonatris RENAGSANG fè konnen jounalis la gen yon sante fragile. Se yon nouvèl ki afekte non sèlman kòporasyon jounalistik la men tou RENAGSANG…
Menm jan ak gwoup A, gwoup B a fin jwe jodi madi a avèk 2 match ki te jwe nan menm lè: "Angleterre Vs Pays De Galles" epi "Etats-Unis kont Iran". Apre twazyèm jounen sa ki wè "Anglettere" bat Pays De Galles (3-0) epi Etats-Unis bat Iran (1-0) ebyen se Anglè yo ak Team USA lan ki pran 2 tikè…
De (2) nouvo manm elit politik ak ekonomik Ayiti anba sanksyon gouvènman Kanadyen an.Bòfrè ansyen Prezidan Michel Martelly a Charles Saint-Rémy alyas Kiko, alyas Arnel Bélizaire, ansyen Depite Delma/Taba, ajoute sou lis moun Kanada pran sanksyon paske yo ta patisipe nan aktivite kriminèl an Ayiti. "Dènye sanksyon sa yo vize 2 manm elit ayisyen an: biznisman ak patnè ansyen prezidan…
Machin ensekirite a kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Nan lannwit mekredi 22 fevriye a pou pipiti 4 moun asasine nan delmas 31. Zak sa pase nan yon zòn ki rele site Okay. Se endividi ki te gen gwo zam lou ki tap sikile nan yon machin mak Nissan Pathfinder, ki te louvri kout zam sou sitwayen yo.…
Nan kad yon operasyon DCPJ ( BRI ) arete Enspektè divizyonè Pierre Walkin vandredi 11 novanm nan anba mòn kabrit .Polisye a tap soti beladè nan Yon Toyota Land Cruiser(zo reken) blanch plak SE-00315, selon yon sous PNH . Fòs lòd yo jwenn nan machin sa 4.000 katouch kalib 5.56; 41 katouch 9mm, 3 chajè pistolet Glock 9mm.Yo jwenn tou…
Depi plizyè jou kout zam otomatik ap chante nan plizyè kwen nan zòn metropolitèn Pòtiprens lan: Bèlè, Delma 30 ak 32, Nazon, Solino, se kèk pami plizyè katye kote nèg ak zam pran an otaj pandan tout semèn nan. Yon sitiyasyon tansyon ki lage popilasyon zòn sa yo de bra pandye. Nan fen jounen jedi 2 mas 2023 a, nèg…
En conférence de presse ce lundi, Robert Lewandowski a clairement manifesté son envie de quitter le Bayern Munich dès cet été. Le feuilleton Lewandowski–Bayern Munich risque de tourner au vinaigre cet été. À un an de la fin de son contrat, le buteur polonais a clairement manifesté son désir de quitter le club qu’il a rejoint il y a 8 ans afin…
Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry, ak Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, rankontre ayè jedi 9 jen an nan 9yèm Somè Amerik yo, nan Los Angeles. Pandan rankont lant PM Ariel ak Prezidan Abinader te diskite sou dosye migrasyon, regilarize travayè ayisyen yo, renouvèlman manda Biwo entegre Nasyonzini ann Ayiti (Binuh), ranfòsman jesyon pò yo epi finalman kandidati ansyen Minis…
Minis Anviwònman Dominiken an, Orlando Jorge Mera, mouri jodi lendi 6 jen an nan yon fiziyad andedan katye jeneral ministè a. Ofisye polis nasyonal ki twouvel nan lokal Ministè Anviwònman an konfime lanmò Minis Orlando Jorge Mera. Anplwaye Ministè Anviwònman ki te sou plas nan motak atak la voye te rive chape poul yo apre yo fin tande kout ki…
Nan yon kominike la Polis fè konnen twa endividi ak zam, manm gang kap opere nan Kanaran, akonpaye pa bandi "5 Segond", kit ta pral enstale pou etabli baz yo nan Lafiteau, nan zòn Minotri, tonbe nan echanj kout zam ak fòs lòd yo, oui lendi 10 octobre 2022 sa a. Nan nòt la, PNH la fè konnen yo te…
Lendi 16 janvye 2023 a Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Madam Emmelie Prophète Milcé, yon lis ki gen non 28 jij ak komisè gouvènman yo met deyò nan sistèm jidisyè a. CSPJ a pa sètifye majistra sa yo pou “absans entegrite moral” epi pwoblèm “kalifikasyon akademik”. Pami yo nou jwenn Komisè…
Komisè gouvenman tribinal premye enstans Mibalè a envite ansyen senatè Willot Joseph nan dat 20 jen kap vini la pou bay esplikasyon sou zak asasinay ansyen korespondan radyo Mega nan vil Mibalè a Néhémie Joseph . Envitasyon sa fè swit ak ansanm akizasyon ansyen palmante a fè kont senatè Rony Célestin kòm kwa li ta patisipe nan asasine jounalis Néhémie…
Kri Fanm Ayiti(KRIFA) denonse ak tout fòs yo move trètman 19 fanm ap sibi nan gadavi komisarya potoprens depi plizyè mwa. Pami fanm sa yo gen yon minè ki gen 9 mwa ansent k'ap bay san nan selil la daprè Direktris egzekitif KRIFA ,Guerlyne Rezidor ki fè konnen medam yo pa gen manje,dlo ak kit ijyenik. Fanm sa yo trouve…
Endividi ak gwo zam Lou kidnape yon anplwaye Enstiti Byenèt Sosyal ak Rechèch pa two lwen palè nasyonal .Zak sa fèt vandredi 10 mas la pandan James Smith Cadet tap kondwi yon machin enstitisyon an imatrikile OF4119. Jean Smith Cadet ap travay kom chofè IBERS .Nan moman anlèvman l li tap kondwi yon Toyota Land cruiser blanc ki pou enstitisyon…
Apre yon rankont sou Ayiti nan Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, 19 peyi manm OEA siyen yon rezolisyon , ki konfime angajman yo pou ede pèp ayisyen an. Yo mande kominote entènasyonal la pou l ede ranfòse PNH la epi bay peyi a yon gwo asistans sekirite. "Nou afime angajman nou pou ede ayisyen travèse defi sekirite konplèks peyi…
Kò spesyalize sekirite fontyè terès arete 57 ayisyen ki nan sitiyasyon iregilye nan plizye otel Elías Piña,daprè enfomasyon plizye jounal lokal . Group sa gen ladan 35 gason ,18 fanm ak 4 timoun. Arestasyon sa fet gras ak ranseyman otorite yo te genyen dapre desizyon jounal la . Propriyete otel yo te remet resotisan ayisyen yo ki te plase sou…
Pandan 4yèm jounen Lig chanpyon an, Maccabi Haifa bat Juventus Turin 2-0, madi 11 oktòb 2022 a lakay li. Frantdzy Pierrot te pasè desizif sou dezyèm gòl Izrayelyen yo. Ekip peyi Israyèl la reyisi premye viktwal sezon sa a nan Lig dè chanpyon an apre yo bat Vielle Damelan 2-0. Omer Atzili (7yèm, 42yèm) se li ki make tou 2…
Football: Karim Benzema Eli meyè jwè Lig dè Chanpyon 2021-2022 an Gayan La Liga ak Lig chanpyon an ak Real Madrid, franse a ranpòte yon lòt tit endividyèl. EUFA anonse jodi madi a Karim Benzema nome pi bon jwè nan Lig chanpyon 2021-22 ki sot pase a. Avèk 15 gòl make nan 12 match, Benzema te fini pi bon bité…
5 moun asasine pami yo yon chofè moto samdi aprè midi a nan karadè,yon lokalite nan komin Taba . Selon plizyè temwen ki te sou plas ,zak sa se zèv endividi ki tap sikile nan yon machin ak vit tente .Endividi sa yo touye 5 jèn ki te nan yon stasyon taksi moto tou prè legliz pastè Marco a .…
Nèg ak zam yo pa rive idantifye rantre nan kay sekretè jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan lannwit vandredi 3 mas a epi kidnape 2 pitit li . Yvan Randy Eugène 23 lane, ak Gabriel Prema Deshommes 22 lane, 2 pitit sekretè jeneral MENFP la ,Yvonne Eugène, neg ak zam kidnape lakay yo lakay yo ayè vandredi 3…
Nan moman la Kanada ap mennen yon misyon evalyasyon an Ayiti, Minis Afè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Joly, ki anonse nouvèl jedi 27 oktòb la. "Yon delegasyon Gouvènman Kanada ap konsilte ak patnè rejyonal yo, Nasyonzini, Kominote Karayib la (CARICOM) ak lòt patnè,” se sa nou li nan yon deklarasyon ki afiche sou sit wèb Global Affairs Canada. "Delegasyon nan…
Malgre ensistans Paris Saint-Germain, jwè AS Monaco a, Aurélien Tchouameni, pral siyen ak ekip Real Madrid lan. Selon journal Marca Mezon Blanch lan deja gen yon akò ak jwè a, li sèlman rete pou finalize dosye sila ak Monaco. Trazanksyon sa ap koute ekip Madrilèn plis pase 100 milyon €. Tcouameni se yon entènasyonal fransè ki gen 22 lanne sou…
Byen bonè nan maten mèkredi 8 mas la ,lapolis nan komin Taba poze lapat sou Elcius Lindor,38 lane kap viv nan Galette Greffin (Beauduit) pou asosiyasyon malfektè. Endividi sa daprè lapolis se manm aktif gang kraze baryè ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent. Nap sinyale Elcius se yon chofè ki spesyalize'l nan kondwi backo Loader pou fouye tou ki…
Kèk jou aprè enstalasyon yo nan ministè komès ak endistri Wo Konsey Tranzisyon an patisipe nan premye konsey minis yo ki te dewoule nan palè nasyonal kote divès pwen te diskite pami fenomèn enskerite a . Nan kad konsèy sa ,Gouvènman anonse yon gwo fowòm sou sekirite nan jou kap vini yo la.Tout sektè nan vi nasyonal la ap gen…
À l'occasion de l'annonce de son départ du Real Madrid, Isco en a profité pour lancer un pique à Kylian Mbappé sur sa non-venue. Le Real Madrid a beau avoir remporté sa 14ème Ligue des Champions samedi face à Liverpool (1-0), la pilule du transfert avorté de Kylian Mbappé vers la Maison Blanche a encore du mal à passer. Alors que la presse espagnole s’en est…
FIFA pral distribye 215 Milyon Ero Ak ekip ki pral libere jwè pou faz final koup di mond Kata 2022 a. Yon montan ki ekivalan Ak koup di mond Risi 2018 la. Chak ekip ap resevwa anviron 10 280 ero pa jou pou chak jwè. FIFA fè Konnen kób sa ap komanse distribiye nan faz preparasyon mondyal la e li…
Aprè pwòch li te pase plizyè èd tan san nouvèl li Finalman madanm jounalis Jean Thony Lorthé resevwa apèl ravisè yo byen bonè samdi 4 fevriye a. Bandi yo ekzije 200 mil dola Ameriken pou liberasyonl ak 2 lòt kamarad ki te avek li yo Nap raple jounalis vision 2000 la te nan wout vandredi 3 févriye a ak kek…
LApre grav blese Manuel Neuer a, Bayern de Munich te twouvel nan obligasyon poul siyen yon lòt gadyen. Jedi 19 janvye sa klèb Munich lan anonse yo siyen ak entènasyonal Swis lan ki tap jwe nan Gladbach, Yann Sommer, montan lajan transfè sa se 10 milyon ewo. "Apre grav blese Manuel Neuer a, FC Bayern Munich achte Yann Sommer, 34…
"Djery" se manm gang "Taliban" kap opere nan zòn Kanaran ki mouri nan echanj kout zam ak Lapolis pandan yon operasyon tcheke machin nan lokalite "Moleard", zòn Bon Repo nan komin kwadèboukè. Selon responsab PNH yo, Djery ak plizyè endividi ak gwo zam te nan yon Land Cruiser yo tap rantre nan baz yo ak 2 moun yo te sot…
Seleksyon ayisyèn nan pral jwe nan Sendomeng, dènye match li nan kad fenèt entènasyonal sa a, jodi 14 jen an. Lidè gwoup li nan Lig Nasyon an, Ayiti, pral gen pou misyon konsolide plas li kont Giyàn. Pou rankont sa a, antrenè Jean Jacques Pierre gen yon gwoup 21 jwè ki disponib. Lendi 13 jen an, yo te travay ak…
Ayiti/Ensekirite :Nèg ak zam nan laplèn kidnape 3 moun pami yo yon anplwaye sant anbilansye Nasyonal . Jean Herteulou Saintil ki nan sèvis lojistik sant anbilansye nasyonal kidnape nan laplèn samdi 12 novanm lan ,li te avèk papal epi yon pwoch fanmi bandi yo kidnape tou. 3 viktim yo te nan yon machin sant anbilansye nasyonal imatrikile SE-07164 ak logo…
Gouvènman ayisyen an pibliye vandredi 7 oktòb 2022 sa a nan kolòn jounal "Le Moniteur", rezolisyon ki pran nan Konsèy Minis pou mande entèvansyon fòs militè etranje an Ayiti. Nan rezolisyon sa a, Konsèy Minis lan bay chèf gouvènman an manda pou mande entèvansyon fòs militè etranje nan peyi a.Pou sipòte desizyon sila, Konsèy Minis lan fè konnen yo devaste…
Nan yon entèvyou Coach Itala bay Radio Galaxie, li fè Konnen “ Komite Nòmalizasyon an te mande yo 8.000 $US pou yo lwe Ranch Kwadèboukè nan kad preparasyon CFU violette. Aprè Negosiyasyon yo lwe Teren Ranch lan pou yo antrene Ak kote pou yo domi pou 2.000$ US. Yon lot kote, li fè Konnen “ li fè Konnen li pa…
Kadinal Chibly Langlois viktim nan yon tèrib aksidan sikilasyon sou wout Nasyonal nimewo 2, jodi Mèkredi 8 jen 2022 an. Se Evèk Nippes lan, Pierre André Dumas, ki konfime enfòmasyon an. Responsab legliz Katolik la an Ayiti ta gen yon bra kase men lavi li pa ta an danje. Pou kounye a li ap resevwa swen ka li nesesite nan…
Vandredi 3 mas 2023, antrenè ekip nasyonal Ayisyen an, Jean Jacques Pierre, soti yon lis 23 jwe pou pwochen match "Ligue des nations yo". Gen jwè tankou Duckens Nazon, Frantzdy Pierrot ki retounen pou vini jwe pou seleksyon ayisyèn nan. Kapitèn nan Jhonny Placide pa jwenn konvokasyon l paske li blese. Nan pwochen fenèt joune FIFA, Ayiti pral lakay Montserrat…
Se youn nan polisye pakè potoprens tap tande vandredi 10 jen nan kad dosye detounman chèk la ki planifye atak kont palè jistis la.Polisye sa antann li ak baz 5 segonn nan vilaj de Dye pou anvayi espas la kraze Odyans la daprè Revelasyon Senatè Patrice Dumond.Palmantè fè konnen otorite jidisyè ak polisyè yo deja gen tout enfòmasyon sou…
Kri Fanm Ayiti(KRIFA) denonse ak tout fòs yo move trètman 19 fanm ap sibi nan gadavi komisarya potoprens depi plizyè mwa. Pami fanm sa yo gen yon minè ki gen 9 mwa ansent k'ap bay san nan selil la daprè Direktris egzekitif KRIFA ,Guerlyne Rezidor ki fè konnen medam yo pa gen manje,dlo ak kit ijyenik. Fanm sa yo trouve…
Konsila Ameriken an nan Pòtoprens ap aksepte nouvo demand viza touris pou kòmansman ane 2023. Bòn nouvèl pou moun ki swete al pase yon tan ak fanmi, zanmi, nan peyi Tonton Sam pandan ane 2023 sa. Konsila Etazin an nan peyi Dayiti fè konnen yo aksepte nouvo demand Viza touris. "Nou gen randevou pou viza touris, men yo limite. Nap…
lLapolis fè konnen Inite espesyalize nan Polis Nasyonal la tankou SWAT, UDMO ak UTAG mennen yon operasyon dimanch 4 desanm nan nan zòn pò Lafito, Minotri ak Sous Matla. Objektif entèvansyon sa kap kontinye toujou, se pou chase gwoup ame ki vle kenbe zòn sa yo an otaj. Selon kominike sa Fòs lòd yo metel deyò yo fè konnen Nan…
Lendi 16 janvier 2023 a Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Madam Emmelie Prophète Milcé, yon lis ki gen non 28 jij ak komisè gouvènman yo met deyò nan sistèm jidisyè a. CSPJ a pa sètifye majistra sa yo pou "absans entegrite moral" epi pwoblèm "kalifikasyon akademik". Pami yo nou jwenn Komisè…
25 moi 2022. 21 moun mouri anba bal pami yo 19 elèv, se bilan nouvo fiziyad la ki anrejistre nan Robb Elementary School ki trouve l nan vil Uvalde, Eta Tekzas madi 24 me 2022 a. Atak sa un lage paran, zanmi ak tout sosyete ameriken an nan gwo lapenn. Prezime asasen an rele Salvador Ramòs. Jenn gason dans une…
KOMITE NÒMALIZASYON AN ANONSE NAN YON LET, SELEKSYON U20 GASON AN PAP KA PATISIPE NAN KALIFIKASYON KOUP DI MOND U20 AN KAP FET 18 JWEN POU RVE 3 JIYÈ NAN PEYI MEKSIK . A RAPLE, KALIFIKASYON KOUP DI MOND LAN TAP TOU KALIFIKASYON JE OLEMPIK.
Enstans ki responsab football la rann piblik jedi 16 jen an lis non vil yo ki pral resevwa match yo pou koup di Mond FIFA 2026 la. Pami vil sa yo, genyen 11 vil Ozetazini. Vil amerikèn yo se: Boston, Dallas, Houston, Kansas City, Los Angeles, Miami, New York/New Jersey, Philadelphia, San Francisco, Seattle. Senk lòt vil yo repati ant…
Naomi Osaka ki gen orijin ayisyen,4 fwa chanpyon Grand Chelem, anonse Mèkredi, sou rezo sosyal yo li ansent, donk li ap tann yon timoun. Nou tout tap mande poukisa doub gayan Open d'Australie an te abandone patisipasyon li nan youn nan kat tounwa Grand Chelem yo pou sezon sa. Ebyen nou gen repons lan: ansyen nimewo 1 mondyal lan an…
Alex Amstrong Dumorné, ansyen polisye, gwo chèf gang ki tap opere nan "Bristou" Péguy-Ville tonbe nan tire kout zam ak lapolis, mèkredi 18 janvye a nan sware. Selon otorite nan lapolis la, se yon patwouy nan komin Petyonvil ki mete do chèf gang nan atè. Nan nòt ki pibliye sou rezo yo, PNH la fè konnen, Alex Amstrong ki te…
Zak asasinay yo se rezilta vyolans ki anrejistre nan peyi a denye tan sa yo pandan manifestasyon popilè kap fet kont lavi chè ak rate gaz.Gen ajan lapolis ki gen dwet yo tranpe tou nan plizyè ka omisid daprè OCNH. Nan rapo se depatman lwès ki gen plis moun ki pèdi lavi yo .Pou mwa septanm lan OCNH anrejistre 50…
Seleksyon gason anpite yo pran tikè kalifikasyon li pou ka de final koup di mond Tiki 2022 a lè yo kraze seleksyon Amerikèn nan ak yon eskò tenis (6-2). Avèk 4 gòl Redondo Richard make mete ak yon gòl John Spinoza ak yon lòt Saviola Charles, Grenadye yo pase etap enpòtan sa nan 1/8 final la nan koup di mond…
Watson Gustave alyas "Mafya" te okipe wout Piste, toupre Bilding 2004 pou rive Avyasyon. Nan Delmas 83 mèkredi 15 jen 2022 a, Polis Nasyonal DAyiti a, nan yon nòt pou laprès sou rezo sosyal li yo fè konnen prezime bandi sa tonbe anbal pandan echanj kout zam ak de (2) ekip Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI). Li te akonpaye pa…
Plis pase 100 migran pami yo ayisyen ki tap tante rive ilegalman nan yon bato sou zile Mona yon rezev natirel ki nan lwes Porto Rico dapre enfomasyon otorite federal yo bay jounal Efe. Selon jounal la ,group iligran ilegal sa yo gen ladan 60 fanm pami yo 3 ki ansent ,38 gason ,3 tifi ak 2 tigason te rive…
Nan jou kap vini yo la gouvènman ap mete yon nouvo administrasyon nan Direksyon Jeneral Dwan yo . Depi kèk tan anpil moun ap mande kot direktè jeneral Dwan lan Romel Bell ki te gen akizasyon sou dol kom kwa li ta nan trafik zam . Nan lide pou te fe limyè sou dosye sa inite lit Kont Koripsyon…
Daprè yon rapò Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR), eklatman ant gang ak demonstrasyon fòs endividi ak zam ki anrejistre pou lane 2023 fè yon total 531 moun ki mouri, 300 blese. 277 moun te kidnape pandan 160,000 lòt te oblije kite kay yo. Nan dokiman sa, OHCHR la endike ka asasina sa yo, kidnapin ak deplasman yo te…
Alòske yo te gentan konnen yo elimine apre viktwa Inter de Milan (4-0) sou Victoria Plzen, Catalan lan yo yon lòt fwa ankò yon pran yon kal nan Camp Nou Spotify lan (0-3) devan Bayern de Munich. Viktwa Bayern nan jodia se sizyèm match youn kole ak lòt Bayern fè ap bat FC Barcelone nan Lig dè Chanpyon an, se…
Reyaksyon yo pa sispann tonbe swit ak deklarasyon komisè gouvenman an potoprens lan ki anonse lap met aksyon piblik an mouvman kont Izo 5 segond ,chèf gang village de Dieu a aprè atak kont palè jistis 10 jen pase a.Direktè ekzekitif RNDDH la , dil pa bay enpotans ak deklarasyon komisè a. Pierre Esperance mande chèf pouswit la poukisa…
Prezidan eli akò Montana nan yon nòt pou lapres demanti tout enfomasyon ki te fè kwè li gen entansyon siyen yon akò ki pa kadre ak prensip ki te akouche akò Montana a. Pou ekonomis lan tout pawòl sa yo se entoksitasyon ak pwopagann kap fèt pou bliye chimen tranzisyon koupe fache a . Fritz Alphonse Jean ki salye kouraj…
Haïti- culture : Jude Marcelin De la RTMS et plusieurs autres journalistes honorés hier dimanche Aux-Cayes Les Cayes, 6 juin 2022 Une cérémonie d’hommage a été organisée hier dimanche 5 juin 2022 au Anti-Stress Club dans la 3e ville du pays dans le but d’honorer plusieurs médias et des journalistes, parmi lesquels, Jude Marcelin, Journaliste de la RTMS et de…
FC Barcelone sot fè yon vwayaj konplike nan Lig dè chanpyon an sou teren Inter de Milan nan peyi Italie. Nan kad twazyèm jounen C1 an FC Barcelone pèdi devan Inter Milan (1-0). Alòske yo pa nan yon bon nivo depi kòmansman sezon an, jwè Simone Inzaghi yo rache yon viktwa enpòtan kont Blaugrana yo (1-0), se premye siksè to…
Pandan epidemi kolera ap kontinye alonje lis viktim yo nan depatman lwès peyi a ,otorite Sanitè yo nan Grandans konfime 6 ka pozitif anba maladi sila.Pou kounya gen 3 ka sispek yap etidye . Selon direktè depatmantal sante Grandans lan, doktè Angelot Duverleson ,ka sispek yo deja transfere nan laboratwa nasyonal sante piblik e yap tann rezilta yo . Depi…
Nan Moulin Sable ,komin Petyon vil manm popilasyon an touye 3 prezime bandi nan dimanch 19 mas aprè midi.Endividi sa yo fè pati yon group bandi ki konn abitye simen laperez nan zòn lan. Aprè yo fin touye endividi yo ,abitan yo met dife sou kadav yo .Moun nan zòn lan mete sou pye yon brigad nan lide pou lite…
Jeanty Simon, responsab APCH nan Aken, konfime ke gwoup Izo nan Vilaj de Dye detounen epi kidnape jodi vandredi a alantou 8 nan maten, 2 bis ki fè trajè Miragwan/ Pòtoprens ak yon trantèn pasaje. Sendikalis la pwofite sitiyasyon sa a, pou li mande lòt chofè Miragwan yo pou evite wout Matisan nan moman sa a.
Nan yon nòt pou laprès yo rann piblik, òganizasyon Medsen San Fwontyè (MSF) anonse li fèmen pòt lopital li a nan Site Solèy pou yon tan ki pa defini akoz afwontman ant gang yo ki rekòmanse nan katye ki nan perimèt lopital la. Òganizasyon an nan nòt li a fè konnen li pa gen kapasite poul asire sekirite pèsonèl li…
«Moun sa yo se pòt pawòl gang yo», se konsa Komisè Gouvènman Nip yo Jean Ernest Muscadin te reponn kesyon jounalis yo ki konsène òganizasyon dwa moun k'ap mande pou yo revokel epi arete l paske li te egzekite yon swadizan bandi ki fè pati gwoup "Izo" nan Vilaj de Dye. Nan yon lèt ki te adrese a Minis Jistis…
Golden State Warriors ranpòte setyèm (7)tit NBA lèl bat match 6 final NBA a kont Boston (103-90), nan lannuit Jedi pou rive Vandredi. Yon viktwa, twazyèm you apre lòt nan seri sa a, pou mete atè do yon advèsè ki pa t 'pèdi de match youn apre lòt depi mwa mas. Nan match yè swa Curry pèsonn pat ka kenbel…
Alòske jodi mèkredi an "Argentine" tap jwe kont "Pologne" nan yon match dezisif, ebyen Albiceleste an bat "Pologne 2-0. Nan match sa Lionel Andrès Messi rate yon penalite nan premye mitan. Yon lòt bò malgre viktwa "Mexique" sou "Arabie Saoudite" se peyi Robert Lewandowski an ki kalifye pou uityèm de final yo. Donk 2 kalifye yo nan gwoup C an…
« Tout moun otorite ameriken koupe viza yo pou akwentans yo ak gang deja okouran « Deklarasyon chaje dafè ameriken an Eric Stromayer ki fè konnen lalwa pa Pèmèt yo rann lis la piblik .Diplomat la fè konnen yap travay pou ogmante sanksyon yo tou tankou bloke kont sezi byen tout moun sa yo sa yo nan nenpòt peyi sou la…
Lendi 6 mas 2023, PSG fè konnen foutbolè brezilyen an, Neymar Da Silva Santos Junior, pral fè operasyon nan cheviy dwat li, kotel te blese ankò kont Lille 19 fevriye pase a. Sipèsta Paris an ap vwayaje pou al Doha pou yon operasyon "reparasyon ligaman". "Jwè a ap apsan pou 3 a 4 mwa anvan li retounen nan atrenman kolektif",…
Se pa Sèl jounalis vision 2000 la Jean Tony Lorthe ki nan men bandi yo ,frèl Profesè Odner Lorthé sekestre tou . Nan sans sa ,Tout aktivite te kanpe ayè lendi 6 fevriye nan lise Jean Jacques Dessalines ki nan avni Christophe nan potoprens pou ekzije liberasyon Jean Tony Lorthe ak tout frèl Odner ki se profesè fizik ak matematik…
Nan okazyon 13yèm anivèsè tranblemanntè devastatè 12 janvye 2010 la, Premye Minis Ariel Henry mande inite, rekonsilyasyon, rekonstriksyon ak relèvman sosyo-ekonomik pou nasyon an. PM nan deklare "faktè sa yo konstitye pi bèl omaj peyi a ka rann viktim nou yo". "13 ane apre katastwòf 12 janvye 2010 la, pèp ayisyen an toujou sonje plizyè milye moun ki te mouri,…
«National Océanic and Atmospheric Administration/ NOAA » kòm tout ane mete lis non siklòn yo deyò Jan sa a toujou ye chak lane, lis ki gen non diferan siklòn ki ka fomè yo pandan sezon siklonik la soti premye jen pou bout 30 novanm 2022 a soti deyò kèk jou anvan sezon an demare. Daprè gwoup watsap « Mr Météo »…
Si "France" te gentan konnenl kalifye depi nan dezyèm joune a, jodi mèkredi a "Tunisie" kreye sipriz lan, li bat Fransè yo (1-0). Malgre viktwa "Tunisie" an ebyen se "Australie ki pase avèk viktwa tou kout li (1-0) sou "Danemark". Nan gwoup D an "France" fini ak menm kantite pwen ak "Australie" (6 pwen) men se Fransè yo ki fini…
ASASINA JOVENEL MOISSE: JIJ WALTHER WESSER VOLTAIRE BAY GARANTI LAP RIVE FE LIMYE SOU DOSYE JOVENEL MOISE Dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, Me Bernard Saint-Vil fè elòj jij Walther Wesser Voltaire li prezante kòm yon majistra ki chaje ak experyans konpetans .Selon Droyen An Voltaire entegre majistrati a nan lane 2010 e li te konn travay tou nan…
Ayiti/Ensekirite:SYNAPOHA rann Otorite polisyè yo responsab asasina direktè Akademi Nasyonal Polis la Harington Rigaud. Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo kondane ak tout fòs li asasina direktè akademi polis lan Harington Rigaud vandredi 25 novanm nan sou wout frè,komin Petyon vil .Estrikti sendikal sa denonse pasivite otorite yo nan piwo nivo leta ak wo komandman ki pat pran okenn mezi pou…
“Sanksyon yo ede peyi dayiti ,li pèmèt sitiyasyon an chanje yon ti kras sou teren an , epi sa kreye tou yon pi bon atmosfè “, nou tap site deklarasyon premye minis Ariel Henry ki tap patisipe nan 44yèm somè CARICOM . Gouvènman an pa gen anyen poun wè ak sanksyon yo ,yo pat bay lis epi canada ak etazini…
Nègd ak zam sou moto moun pa idantifye louvri kout bal vandredi aprè midi sou plizyè moun ki te nan mache Salomon ki trouvel nan sant vil Pòtoprens. Pou piti 5 moun mouri ak plizyè soti blese . Pou kounya viktim yo poko idantifye ni pèsòn pa konn motif atak sa. Fiziyad sa te pwovoke yon van panik jeneral nan…
Lapolis nan Dèlma arete nan kòmansman semèn nan Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pwòp pitit fi li ki gen sèlman 12 zan. Viktim nan eksplike papa a te mete penis li nan vajen li ak nan dèyè li apre li te fin fè li retire kilòt sou li e sa pase nan lannwit samdi 18 fevriye a.…
Gang an Ayiti kidnape 23 janvye pase a ,Alejandro Aguilera Milanés yon chofè brigad medikal kiben an ayiti, se ministè sante piblik nan peyi kiba ki konfime enfomasyon an nan yon kominike yo pibliye sou sit entènèt yo . Responsab yo soulinye, imedyatman aprè zak sa gen negosiyasyon ki fèt avèk otorite ayisyèn yo nan lide pou assiste evènman malere…
Nan yon nòt ki pibliye vandredi 28 oktòb 2022 sa a, Sekretarya Jeneral Primati peyi Dayiti a raple fonksyonè sivil yo ak ajan sektè prive yo ke apati dimanch 6 novanm 2022, bò 2è nan maten, lè a ap fè bak de 60 minit. "Lè nasyonal la ap fè bak de 60 minit apati dimanch 6 novanm 2022, a 2…
Prezidan konsèy administrasyon Digicel la , Maarten Boute lanse yon apè sekou akoz deteryorasyon klima sekirite a nan rejyon metropolitèn lan. Depi 2 semenn sitiyasyon sekirite peyi an vin pi mal nan kapital lan avèk kantite ka kidnapin ki anrejistre nan divès kwen nan rejyon metropolitèn lan. " Sitiyasyon an dezespere chak jou pi plis nan potoprens.Gang ame yo poze…
Gen 300 machin ki sezi ,25 moun mouri pami yo pasaje ak chofe soti premye jen jiska jounen Jodi a selon MUTH Mouvman inisfye transpòtè ayisyen yo drese yon tablo nwa kou lank sou sitiyasyon chofè mèt machin ak pasaje nan peyi a. Soti premye jen 2021 pou rive 29 mas 2022 gen 50 moun ki kidnape,102 lòt blese 25…
Pòtoprens, 8 mas 2023.- Ministè Jistis ak Sekirite piblik (MJSP) aprann gen enstitisyon, komès, lekòl ak sitwayen, ki lakay yo, ki ap resevwa lèt menas komkwa bandi pral detwi byen yo, kraze kay yo, touye yo, kidnape yo si yo pa bay lajan. MJSP ap fè tout moun konnen depi yo jwenn lèt sa yo pou yo pa manyen yo…
Aprèl fin pase 8 jou nan men ravisè yo, Whenchel Jeanty, etidyan fakilte dwa ak Syans Ekonomik libere aye dimanch 4 mas 2023.Se pwoch viktim lan ki konfime enfomasyon an. Jèn etidyan an te kidnape 26 fevriye pase nan kapital ayisyèn lan se nèg ak gwo zam lou ki te poze aksyon sa .Selon enfomasyon yo viktim lan tap rann…
Group gang nan depatman latibonit kontinye ak simen laperèz kay popilasyon an. Nèg ak gwo zam lou kidnape lendi 13 mas la nan Pon wouj yon lokalite sitiye tou prè Chandèl komin Liancourt yon group misyonè. Sepandan depi aprè zak sa okenn enfòmasyon poko disponib sou kantite lajan ravisè yo ta mande ni konbyen moun ki kidnape. Sektè pwotestan an…
Manifestasyon kont gouvènman an plas la kontinye ap miltipliye nan tout peyi a chak jou ki jou. Jodi Madi a, pwotestatè yo nan Gonayiv piye epi mete dife nan lokal yon otèl ak Radyo Endepandans, ki se pwopriyete Minis Defans la, Doktè Enold Joseph.h Manifestan yo trè fache kont Doktè Joseph paske li te poze siyati l anba rezolisyon ki…
Jerry Jeudy ki fè pati baz canaan « mortellement blessé « nan boukante kout bal ak lapolis ayè lendi a nan bon repos Jerry te gen 39 lane se Jeff gwo chef gang canaan ki te plasel pou dirije « pitimi » Yon lokalite tou pré corail Lapolis tap chèchel pou enplikasyon prezime l nan dife ki te mete nan sou komisarya corail la…
Apre separasyon brital li ak foutbolè Espanyòl la Gérard Piqué, chantè Kolonbyen an Shakira chwazi voye pye sou ansyen konpayon li nan nouvo chante li a ki rele "BZRP Music Sessions #53", ki pibliye ayè mèkredi a sou YouTube. Yon chante ki aprè yon ti tan deja gen plis pase 55 milyon moun ki gadel. "Ou pretann ou se yon…
Lapolis nan komin Sen Mak akonpanye pakè jiridkisyonèl arete 5 individu nan Poterie ,yon lokalite ki sitiye nan komin Liancourt ,depatman Latibonit pou afilyasyon yo ak gang « Gran Grif ». Se Mario Joseph, alyas « Pouchon », Jefferson Saintus,2 sè Bervelie et Ymelda Servius, epi Ténor Céus. Prezime bandi sa yo te jwe wòl antèn pou bandi yo nan…
Ayiti/Ensekirite: Neg ak zam kidnappe 4 anplwaye Bank Nasyonal Kredi . Nèg ak gwo zam kidnape 4 anplwaye Bank Nasyonal Kredi vandredi 11 novanm la nan ri Pave ,bo 3 zè nan aprè midi nan moman yo tap rantre lakay yo. Pami viktim gen yon gwo kad enstitisyon an . Bandi yo pran wout matisan ak viktim yo selon kek…
Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitè madi 4 oktòb 2022 a Sébastien Carrière, Anbasadè Kanada an Ayiti, fè konnen kominote entènasyonal la an Ayiti, an patikilye anbasadè yo ak reprezantan kèk peyi an Ayiti, gen anpil enkyetid akòz Terminal Varreux ki bloke depi plizyè semèn. Anbasadè a fè konnen ke anbasadè yo an Ayiti pami yo anbasad…
Ekip Al-Nassr la anrejistre 13yèm viktwa l nan chanpyona pou sezon sa lèl bat Damac FC (0-3). Se 2yèm fwa Ronaldo fè 3 gol nan yon sèl match pou ekip Al-Nassr lan. Nan okazyon 18tyèm jounen chanpyona Arabi Sawoudit la moun plus konnen sou non "Saudi Professional League", ekip Al Nassr la al kraze Damac FC lakay li (0-3) nan…
12 mas 2021, nan yon operasyon ki te vize al deloje nèg…
Selon Asosiyasyon Medikal Ayisyèn gen pou pi piti yon trantèn medsen ki…
Vale latibonit tounen Vale plis planmò. Depi pase 5 lane sou konplisite…
Lendi 6 mas 2023, PSG fè konnen foutbolè brezilyen an, Neymar Da…
Prezidan konsèy administrasyon Digicel la , Maarten Boute lanse yon apè sekou…
Aprèl fin pase 8 jou nan men ravisè yo, Whenchel Jeanty, etidyan…
Nèg ak zam yo pa rive idantifye rantre nan kay sekretè jeneral…
Depi plizyè jou kout zam otomatik ap chante nan plizyè kwen nan…
Vandredi 3 mas 2023, antrenè ekip nasyonal Ayisyen an, Jean Jacques Pierre,…
Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!
Sign in to your account