Ansyen minis TPTC Joiseus Naïder drese yon bilan negatif sou ansanm reyalizasyon aktyel minis TPTC a , Rosemond Pradel .Ansyen titilè TPTC a eksprime tèt chaje l genyen fason tout wout nan rejyon metropolitèn nan kraze ,tankou anba lavil la Pòtay leyogan taba kwadeboukè elatriye .
Lide politik la kritike minis Rosemond Pradel ki dil pa gen lajan pou envetisman alòskel te kite 300milyon goud nan enstitisyon an .Pou Ansyen minis la lajan sa yo fe chemen kwochi .
Selon Joiseus Naïder,sekretè jeneral pati Fusion sosyo demikrat yo, Rosemond Pradel pa gen kapasite pou jere ministe a.Aktyèl minis la pa yon enjenyè sivil li pa fè okenn etid nan sans sa .