Sendika nasyonal polisye Ayisyen yo anonse IGPNH leve mezi konsèvatwa ki te pran kont 6 polisye ki ta konplis nan asasina “zo pwason “ bò kote kòmisè Miragwan nan Jean Ernest Muscadin .Aprè odisyon enspeksyon Jeneral deside remèt Polisye yo zam ak badge yo pou yo rekomanse travay nòmalman .Kòdonatè SYNAPOHA Lionel Lazarre la salye bon travay anketè enspeksyon jeneral yo ki te deplase ale nan nip pou jere dosye sa nan Tet kole ak Direktè depatmantal polis nip la Arsène Salomon .Sendikalis la te profite atire atansyon IGPNH sou ka polisye Dimitri Moise ki gen 2 mwa nan izolman akoz li tap Siveye yon pasyan ki sove nan yon lopital.Lionel lazzare mande eskpeskyon jeneral panche sou ka ajan DAP sa kap soufri dèyè bawo nan komisarya dèlma 33
6 polisye ki te nan operasyon ak Komisè Muscadin yo Inosan selon IGPNH
You Might Also Like
Sign Up For Daily Newsletter
Be keep up! Get the latest breaking news delivered straight to your inbox.
By signing up, you agree to our Terms of Use and acknowledge the data practices in our Privacy Policy. You may unsubscribe at any time.
admin
Stay Connected
- Advertisement -