Nan yon videyo ak yon nòt ofisyèl ki soti vandredi 2 jen an, direksyon ekip PSG a sou sit entènèt li konfime defansè Panyòl la Sergio Ramos pap pwolonje ak klèb kapital fransè a: “PSG salye ak anpil chalè Sergio Ramos ki pral kite kapital la
aprè 2 sezon ap defann koulè klèb la.”
“Pari Sen jèmen rejwi jan l te wè Sergio Ramos Garcia tap defann koulè ekip la ak anpil detèminasyon, nou swete l avèk anpil senserite tout bon bagay yo pou kontinite karyèl”.
Yon lòt kote, ansyen kapitèn Panyòl 37 lane a te pwofite remèsye ekip la sou rezo yo: “pote Mayo wouj e ble a pandan 2 dènye ane sa yo te yon bèl eksperyans. Mwen viv yon bèl moman ke mwen pap janm bliye nan vil Pari , mwen pwofite remèsye tout moun pou lanmou nou ak souyen nou”.
Ramos te rive nan PSG 8 jiyè 2021 , li te gen chans ranpòte 3 twofe: 2 lig 1 (2022, 2023) ak yon twofe dè chanpyon nan lane 2022.
Jonathan Charles