San gwo sipriz, jedi 25 dawout la, Karim Benzema resevwa trofe meyè jwè UEFA pou sezon 2021-2022 a, li devanse Thibaut Courtois ak Kevin De Bruyne ki te nan kous pou ranpòte twofe a.
Atakan Fransè a soti de yon gwo sezon ak Real Madrid kote nan 46 match, li make 44 gòl epi delivre 15 pas. Chif sa yo te pèmèt Madrilèn yo ranpòte Lig dè chanpyon an ak Liga Santander lan. Fòk nou raple ke Karim Benzema sou wout poul ranpòte balon dò France Football la.