Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank yo (APB) nan yon nòt yo rann piblik samedi 3 septanm lan proteste ak tout fòs yo kont pawòl vyolan Yon lidè politik ak tout patizan li yo lanse kont Bank yo nan Kad manifestasyon nan kap Ayisyen 22 dawout pase a.
San site non ,Bank yo estime atitid Jean Charles Moïse ki lanse menas yo vin agrandi kòlè foul la ki déjà fristre akoz sitiyasyon peyi a pou ensite yo komèt zak kriminèl .
APB raple nan manifestasyon Moïse jean charles tè oganize 30 dawout pase a nan Kap Ayisyen pwotestatè yo te pase 45 minit ap vide kout wòch sou yon sikisal yon Bank sak te mete lavi anplwaye ak kliyan yo an danje san konte dega materyel ki te anrejistre .
Seten sektè nan lavi nasyonal la rann Bank yo responsab depresiyasyon goud la pa rapò ak dola sou mache a .
«Fas ak Yon aksyon vyolan gratis Bank yo menase pou trennen devan lajistis tout otè entelektyel ak materyèl zak ki ka mete an danje vi ak byen popilasyon an .
APB raple bank yo ap fonksyone nan Yon anviwonman reglemantè Bank Repiblik Dayiti siveye epi kontwole .Bank yo gen obligasyon pou yo rapote tout tranzaksyon ki fèt pandan jounen an .
Lidè pitit Desalin nan parèt minimize pozisyon sa ,Moïse jean charles anonse mobilizasyon yo ap rapouswiv jiskaske bank yo retire pye yo sou kou popilasyon an pou desann dola ,epi fasilite sitwayen yo jwenn transfè yo an dola jan sa te ye avan .Nap sinyale ekonomis Eddy Labossière tè deja lonje dwèt sou bank yo nan peyi a ki konplis nan koze dola sa nan peyi a ,selon ekonomis yo bank yo pat janm gen misyon pou vann dola ,enstitisyon bankè yo mare sosis yo ak Yon leta ki fèb pou kontinye fè popilsyon soufri .Se Sèl mobilizasyon ki ka retire pèp la nan kalamite sa men se ak kidè ki konsyan ,ki pap apiye sou mouvman popilè pou al chèche Djòb nan Gouvenman