Nan yon kominike ki pote dat 26 jiyè 2023, Rezo Nasyonal Kap Defann Dwa Moun yo kondane ak tout fòs li aksyon polisye yo fas ak deplase taba yo. Oganizasyon kap defann dwa moun nan kalifye sinik konpòtman direktè jeneral polis la Frantz Elbe ki daprè RNDDH te bay lòd pou kouri dèyè sitwayen ki te vin refije yo devan anbasad ameriken an .
Nan kominike sa rezo a soulinye te gen timoun, fanm pami yo fanm ansent ki te gen difikilte poul respire anba gaz lakrimojen polisye yo te itilize a.
Fòs lòd yo pat dwe kanpe kòm enmi popilasyon an kote yo aji tankou bandi yo. RNDDH ankouraje otorite polisyè yo pou repran nan zòn ki sou kontwòl gang kraze baryè ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.
RNDDH raple vithelomme ap sikile ak yon kotej ki gen ladan yon machin sevis leta ofisyèl ak yon machin lapolis doub kabin. Nan sans sa, rezo a egzije arestasyon Vitelhomme Innocent ak tout akolit li yo ki komèt aksyon sa yo .
Mete sou sa 16 jiyè 2023 bò 10 zè nan aswè 12 machin ki gen plak imatrikilasyon sèvis leta ak ofisyèl ki te rann yo nan fyèf Vitelhomme kote te gen yon reyinyon plizyè èd tan. Se aprè reyinyon sa gen tout atak sa yo kont sitwayen nan Taba, Dèlma, Petyon Vil daprè presizyon RNDDH.