Samdi 21 oktòb 2023, fanmi foutbòl nasyonal Ayisyen an leve ak yon move nouvèl, Sonche Pierre ki te ansyen jwè epi antrenè mouri ak 70 lane.
Sonche Pierre fèt 14 janvye 1953 Raboto nan vil Gonayiv. Sonche te milye de teren li te pote koulè ekip Racing Club Haïtien. Kòm antrenè Sonche Pierre se te yon coach ki te respekte anpil nan chanpyonal nasyonal Ayisyen an. Li te antrene plizyè gwo klèb tankou RC Haïtien, Valencia, Don Bosco, America des Cayes, Real Hope FA ak Racing des Gonaïves.
Malgre linte antrene plizyè klèb Ayisyen Sonche te rive pran sèlman 2 tit champyona nasyonal, li te pran premye tit li nan lane 2014 ak ekip America des Cayes la, 3 lane aprè li te chanpyon ak ekip Real Hope la. Nap raple Sonche Pierre te pase nan tèt seleksyon nasyonal plizyè fwa nan peryòd soti 2001 rive 2010, swa kòm koantrenè oubyen antrenè adjwen, li te responsab tou seleksyon medam Ayiti yo nan lane 2004.
Kèk dirijan ak jwè ki pase nan chanpyona nasyonal la prezante Sonche Pierre kòm yon antrenè ki te gen anpil pasyon pou jwèt la. Sonche se te gran frè chantè Disip la Gazzman Pierre, ansyen antrenè a mouri nan lannuit 20 pou louvri 21 oktòb 2023 ak 70 lane.