Majistra Walter Wesser Voltaire te tande jodi lendi 5 septanm 2022 a, pastè Emmanuel Sanon ki ta youn nan sispèk ki te enplike nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 an.
Jij Walter Wesser Voltaire se senkyèm jij ki te nonmen nan mwa me pase a, apre Chavannes Etienne, Mathieu Chanlate, Garry Orélien ak Merlan Belabre, pou mennen ankèt sou asasina 58yèm Chèf Leta ayisyen an.
Nap raple gen plizyè moun, pami yo kèk mèsenè, ki te arete nan kad dosye sa a, pandan tan sa gen kèk lòt moun yo akize kòm otè entelektyèl tankou Joseph Félix Badio, ki toujou nan kache. Fanmi ansyen prezidan ak kamarad politik li kontinye ap leve vwa chak jou ki jou pou mande jistis pou Jovenel Moïse.