Nan lide pou mete lòd sou mache echanj lan sitou ak mache enfomel la gouvenè bank santral la anonse Yon ansanm mezi ayè madi nan Kad Yon konferans de près .
Jean Baden Dubois ki drese yon tablo nwa kou lank sou sitiyasyon ekonomik peyi an mete aksan sou enpak negatif peyi lòk ane 2019 la epi pandemi kovid 19 ki te genyen sou ekonomi an.
Peyi Dayiti ki pa twò eskpote ,aktivite touristik yo ki bese ,ayisyen kap kouri kite peyi pou ale Repiblik Dominiken kontribiye nan ogmantasyon demand dola sou mache lokal daprè esplikasyon mesye Dubois .
Nan lide pou jwenn Yon solisyon ak sitiyasyon sa ,BRH adopte Yon ansanm mezi tankou ogmante to rezèv obligatwa sou passif yo an dola ,chanjman nan nivo sikilè 88-1 nan lide pou rann to sou liy kredi yo pi chè.
Jean Baden Dubois anonse tou enjeksyon ant 100 rive 150 Milyon avan fen egzesis fiskal la nan lide pou stabilize mache to echanj lan.Nap raple se pa premye fwa otorite monetè yo ap anonse mezi pou jwenn Yon solisyon ak goud la ki pa sispann pran chaplèt nan men dola .Eske fwa sa to echanj lan ap stabilize ,yon dosye nap swiv ? Nap fè remake depi 3 jou anviwon dola bese sou mache a.