Nan lannwit madi 11 avril 2023, baz gran grif Savyen ak baz palmis piye epi mete dife nan majorite chanm komisarya Tirivyè latibonit, la polis te abandone depi 26 Janvye 2023.
Bandi yo pote ale tout bagay polisye yo te kite andedan komisarya a, tankou kabann polisye te konn domi, biwo ak anpil lòt bagay se yon kantè bwat yo te itilize pou yo bwote bagay yo.
polisye yo te kite yon machin pickup bandi yo fè tantiv pou ale ak machin nan li te parèt difisil yo met dife ladan’l, bandi yo desann nan baz yo ak tower lights la. Nap fèw konnen bandi savyen ak palmis yo te kadriye bouk la nèt pou yo te mennen operasyon an kite kòmanse nan 9hrs pm ki fini a 11hrs 58.