Nan yon nòt pou laprès yo rann piblik, òganizasyon Medsen San Fwontyè (MSF) anonse li fèmen pòt lopital li a nan Site Solèy pou yon tan ki pa defini akoz afwontman ant gang yo ki rekòmanse nan katye ki nan perimèt lopital la.
Òganizasyon an nan nòt li a fè konnen li pa gen kapasite poul asire sekirite pèsonèl li a ak malad yo nan moman kote kout zam ap chante toupatou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
MSF di li konsyan desizyon sa ap deranje abitan yo nan komin Site Solèy, yo ajoute pou di ekip MSF la pap ka reprann travay toutan sitiyasyon sekirite a pa amelyore.
Yon lòt bò òganizasyon an te pwofite tou drese yon bilan pwovizwa sou sant ijans MSF ki nan zòn “Turgeau” a depi lè gang yo rekòmanse goumen nan katye Bèlè. Medsen San Fwontyè fè konnen yo resevwa nenpòt 10 ka kote se moun ki blese ak bal ki vin pran swen. Òganizasyon entènasyonal la pwofite mande pou gang yo sispann tire kout zam yon fason pou yo ka relouvri pòt lopital yo a nan site Solèy nan yon tan tou kout.