By using this site, you agree to the Privacy Policy and Terms of Use.
Accept
Tele Pam TV Official Website Tele PamTele Pam TV Official Website Tele Pam
  • HOME
  • NEWS
    • Local
    • Sport
    • Internationnal
    • Culturelle
    • Sécurité
  • SHOWS
  • LIVE
    • RADIO
Search
  • HOME
  • NEWS
  • SHOWS
  • LIVE
© 2023 TELEPAM LLC. DESIGNED BY ONE CREATOR SERVICES. All Rights Reserved.
Reading: Ayiti/Ensekirite: Nan Pòtoprens san pa sispann koule, lis viktim yo kontinye ap ogmante
Share
Sign In
Notification
Latest News
DOSYE KANAL SOU RIVYÈ MASAK: SOSYETE SIVIL AYISYEN AN AK AKTÈ POLITIK YO FÈ SILANS
September 13, 2023
Pascale Daphcar Dorléans, yon flè k ap boujounen an Repiblik Dominikèn
September 5, 2023
Deklarasyon Police Nationale d’Haiti sou sa ki pase Canaan.
August 28, 2023
AYITI-KRIZ: NASYONZINI AP REYINI 15 SEPTANM POU DESIDE SOU SITIYASYON AYITI A
August 28, 2023
The Florida Democratic Party Chairwoman Nikki Fried discusses Empowering Communities and Fostering Change
August 27, 2023
Aa
Tele Pam TV Official Website Tele PamTele Pam TV Official Website Tele Pam
Aa
  • HOME
  • NEWS
  • SHOWS
  • LIVE
Search
  • HOME
  • NEWS
    • Local
    • Sport
    • Internationnal
    • Culturelle
    • Sécurité
  • SHOWS
  • LIVE
    • RADIO
Have an existing account? Sign In
Follow US
  • HOME
  • NEWS
  • SHOWS
  • LIVE
© 2023 TELEPAM LLC. DESIGNED BY ONE CREATOR SERVICES. All Rights Reserved.
Tele Pam TV Official Website Tele Pam > News > Local > Ayiti/Ensekirite: Nan Pòtoprens san pa sispann koule, lis viktim yo kontinye ap ogmante
LocalNews

Ayiti/Ensekirite: Nan Pòtoprens san pa sispann koule, lis viktim yo kontinye ap ogmante

jean kenson
jean kenson
Last updated: 2023/03/04 at 6:10 PM
Share
3 Min Read
SHARE
Kèk imaj viktim zak vyolans yo nan Pòtoprens Kredi foto Ted Actu ak Facebook

Depi plizyè jou kout zam otomatik ap chante nan plizyè kwen nan zòn metropolitèn Pòtiprens lan: Bèlè, Delma 30 ak 32, Nazon, Solino, se kèk pami plizyè katye kote nèg ak zam pran an otaj pandan tout semèn nan. Yon sitiyasyon tansyon ki lage popilasyon zòn sa yo de bra pandye.

Nan fen jounen jedi 2 mas 2023 a, nèg ak zam yo anvayi zòn nou site yo ak plizyè, devan sitiyasyon malouk sa rezidan nan katye sa yo oblije kite kay yo pou al refijye yo lòt kote. Pou kounya poko gen okenn bilan ofisyèl sou kantite viktim nan afwontman sa yo, men selon plizyè sous gen plizyè moun ki blese ak bal nan batay gang yo.

Moun kap kite kay yo pou Al refijye lòt kote akoz bandi anvayi yo<br >Kredi foto Ted Actu

Anpil moun kidnape, san pa sispann koule
Nan menm Semèn sa ankò selon plizyè gen plis pase yon ventèn moun ka kidnapping yo konte nan Pòtoprens. Pami moun sa yo, bandi kidnappe jedi 2 mas la nan zòn “Turgeau” avoka Menson Henry ansanm ak pitit fi li. Maten vandredi 3 mas la nan komin Pòtoprens nèg ak zam yo kidnape enspektè jeneral Frantz Sébastien Jean-Charles ak tout piti fiy li.

Yon lòt bò, nan sware jedi 2 mas la nan zón “Canapé-vert” bandi ki te nan yon “Nissan Patròl” blan atake machin Komisè Pòtoprens lan, Luckner Dumont. Viktim nan ki te soti blese nan atak sa ap pran swen lopital. Genyen tou Ralph Théodore tout moun konnen sou non “Sexy” ki mouri byen bonè nan maten vandredi 3 mas la anbal bal nan blòk Nazon.

Sexy se atis sa ki mouri anba bal Vandredi 3 mas la Kredi foto Facebook

Prèske tout katye nan zòn metropolitèn Pòtoprens lan chaje ak gwoup gang, nèg ak zam yo kontinye ap vale teren, chak jou ki jou yo touye, kidnape jan yo vle jan yo pito. Selon yon rapò OCNH rann piblik jedi 2 mas la, se anviwon 55 moun ki pèdi lavi yo anba bal pandan mwa fevriye a sèlman. Devan kriz san parèy sa, lapolis montre li pa kapab, men tou otorite yo nan pi wo nivo leta kontinye kenbe silans yo, popilasyon an li menm pa konn ki sen poul rele.

You Might Also Like

DOSYE KANAL SOU RIVYÈ MASAK: SOSYETE SIVIL AYISYEN AN AK AKTÈ POLITIK YO FÈ SILANS

Pascale Daphcar Dorléans, yon flè k ap boujounen an Repiblik Dominikèn

AYITI-KRIZ: NASYONZINI AP REYINI 15 SEPTANM POU DESIDE SOU SITIYASYON AYITI A

The Florida Democratic Party Chairwoman Nikki Fried discusses Empowering Communities and Fostering Change

Ayiti-Kilti: ROODY ROODBOY PARÈT ”TOU 9”

Sign Up For Daily Newsletter

Be keep up! Get the latest breaking news delivered straight to your inbox.
By signing up, you agree to our Terms of Use and acknowledge the data practices in our Privacy Policy. You may unsubscribe at any time.
jean kenson March 4, 2023
Share this Article
Facebook Twitter Copy Link Print
What do you think?
Love0
Sad0
Happy0
Sleepy0
Angry0
Dead0
Wink0
Posted by jean kenson
Follow:
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.
Previous Article Foutbòl: Jean Jacques Pierre soti yon lis 23 jwè
Next Article Ayiti /Ensekirite: Neg ak zam kidnape nan lannwit vandredi 3 mas la 2 pitit Yon gwo kad nan MENFP

Stay Connected

101k Followers Like
105 Followers Follow
13.9k Followers Follow
2.9k Subscribers Subscribe
- Advertisement -

Latest News

DOSYE KANAL SOU RIVYÈ MASAK: SOSYETE SIVIL AYISYEN AN AK AKTÈ POLITIK YO FÈ SILANS
Local News September 13, 2023
Pascale Daphcar Dorléans, yon flè k ap boujounen an Repiblik Dominikèn
Culturelle News September 5, 2023
Deklarasyon Police Nationale d’Haiti sou sa ki pase Canaan.
San Filtè August 28, 2023
AYITI-KRIZ: NASYONZINI AP REYINI 15 SEPTANM POU DESIDE SOU SITIYASYON AYITI A
Local News August 28, 2023
//

Telepam

Your Haïtian American Télévision Media Company
Your source for all the latest news, music, entertainment, hot topics, comedy, religion and must watch tv shows and movies.
TELE PAM USA | 15490 NW 7th Ave, Miami, FL 33169
Mobile: 786-443-0770
Email Us: [email protected]

Quick Link

  • Home
  • Termes et conditions
  • Politique de confidentialité

Sign Up for Our Newsletter

Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!
Tele Pam TV Official Website Tele PamTele Pam TV Official Website Tele Pam
Follow US

© 2023 TELE PAM LLC. Design by One Creator Services. All Rights Reserved.

Join Us!

Subscribe to our newsletter and never miss our latest news, podcasts etc..

Zero spam, Unsubscribe at any time.

Removed from reading list

Undo
Welcome Back!

Sign in to your account

Register Lost your password?