Avèk anpil lapèn epi kòlè fineray
Josette Fils, Sherwood Sondie ak Sarhadjie Desanclos, chante samdi 27 dawout . »Se tout lavim ki ale nan yon bat je « Pawòl Mèt Simson Desanclos ki pat ka kenbe dlo nan jel nan moman tap raple fason li rive konstwi fanmi sa aprè anpil sakrifis .Avoka prezante 2 pitit li kòm 2 prensès li te atache ak yo « map menen lekòl depi kindergarten rive nan inivèsite .Mèt Simson raple tout moun konen se 400 mawozo ki fè zak la ,Li kwè kounya balon an nan pye lajistis .Zanmi ak Pwòch fanmi pat kache kòlè yo fas ak otorite yo ki selon yo menm pa fè anyen pou garanti sekirite popilasyon an .
”Sherwood Sondie ak Sarhadjie Desanclos te gen posibilite kite peyi a men yo te deside rete an pou yo kapab kontribiye nan devlopman’l.Neg ak zam touye epi boule yo mèsi leta” pawol tonton 2 jèn demwazel yo ki avek lapèn tap raple kijan viktim yo te bon moun .
Tonton an lonje dwèt li byen long sou group moun ki enplike nan trafik zam ki selon li menm pa inosan nan asasina nyès li yo .Li mande nan sans sa ak otorite yo pou pran dispozisyon pou frennen zak bandi yo nan lide pou evite Yon lot dram parèy.
Nap raple Josette Fils, Sherwood Sondie ak Sarhadjie Desanclos asasine nan dat samedi 20 dawout la nan site doudoune ,komin taba.Se group pwoch 400 mawozo ki te komèt Aksyon sila ki kontinye soulve kòlè lakay anpil sekte nan lavi nasyonal la .Prezidan FJKL Mèt Samuel Madistin ,prezidan federasyon protestan Pastè Calixte Fleuridor sendikalis Josue Merilien se kèk pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni sa ki dewoule nan « Creamtorium « Pax villa.
Ayiti/Ensekirite:Anteman Josette Fils, Sherwood Sondie ak Sarhadjie Desanclos, chante byen bonè samedi 27 dawout la
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.