Selon Asosiyasyon Medikal Ayisyèn gen pou pi piti yon trantèn medsen ki viktim kidnapin soti janvye 2022 pou rive jodi an.
Depi kòmansman ane 2023 ,pou pi piti 10 medsen viktim kidnapping nan diferan sikonstans daprè AMH.
Pwòch doktè Geneviève Arty, pa gen nouvèl li depi jedi 2 fevriye pase a kote bandi te kidnape ‘l. AMH pa kache enkyetid fas ak sitiyasyon sa.
« Group sa yo ap simen latroublay nan mitan popilasyon san okenn enkyetid anba je otorite yo ki gen misyon pou bay sekirite nan lide pou pèmèt ak sitwayen yo regle aktivite yo san kè sote », toujou daprè AMH ki eskprime enkyetid yo ak endinyasyon yo fas ak sitiyasyon ensekirite peyi an ki afekte tout sektè nan lavi Nasyonal la pami yo medsen yo .
Nap raple ane pase pou pi piti 20 medsen ,2te kidnape pami yo te asasine .