Aprè plis pase de (2) lane, chanpyona nasyonal foutbòl premye divizyon ayisyen pral rekòmanse. Se yon chanpyona espesyal ki pral fèt ak 15 ekip si n kwè Federasyon foutbòl ayisyen an ki kenbe dat 2 mas k ap pwoche la pou redemare ak pi gwo konpetisyon foutbòl peyi a. Kòman sa pral fèt ?
Chanpyona foutbòl premye divizyon an te kanpe jou ki te 3 jen 2021 an, poutèt plizyè ka korona Lata ayisyen espesyalman Ministè sante piblik te di l dekouvri sou teritwa ayisyen an. Pou anpeche viris pandemi an gaye nan tout peyi a, Ministè Lajenès, Espò ak Aksyon Sivik nan peyi Dayiti ta pral entèdi foutbòl jwe sou tout teren anndan peyi a. Se depi lè sa a, jwè foutbòl isit, se bò lakay yo ak nan chanpyona vakans yo touche balon.
Men jodi a, yon van lespwa tanmen soufle pou jwè foutbolè lokal yo. Malgre ensekirite k ap drible tout moun menm otorite leta yo, FHF deside relanse chanpyona nasyonal premye divizyon an. Daprè federasyon an k ap jere espò ayisyen pi renmen an, se weekend sa foutbòl ap tounen ofisyèlman sou teritwa nasyonal la. Chanpyona sa ki se yon tounwa espesyal pral fèt ak 15 ekip ki regwoupe nan twa (3) gwoup, chak poul yo gen senk (5) ekip.
Nan gwoup A nou jwenn tout ekip ki nan depatman Nò yo tankou : FICA, AS Capoise, Real Hope FA, Racing des Govaïves, Ouanaminthe. Nan gwoup B a nou jwenn tout ekip depatman Latibonit yo tankou : Tempête FC, Triomphe AC, Union Sportive Artibonitienne, Baltimore SC, Cosmopolite SC. Nan poul C nou jwenn tout ekip depatman Lwès ak Sid yo tankou : Racing CH, Violette AC, America FC, Juventus FC, Cavaly AS. De (2) ekip nan chak gwoup sa yo ap kalifye pou play off yo ki pral fèt ak sis (6) ekip. Nan play off la, sis ekip yo ap fòme de (2) poul k ap gen twa (3) ladan yo. Ekip k ap fini premye nan chak gwoup ki gen 3 ekip sa yo ap jwe yon final ale retou pou konnen kiyes k ap ranpòte chanpyona premye divizyon espesyal sa.
Daprè Federasyon foutbòl ayisyen an seri ouvèti ap demare 2 mas 2024 k ap pwoche la pou bout 26 me lane 2024 la. Pi lwen Federasyon an fè konnen, tounwa pral fèt nan Pak Levelt nan lakou Sen Mak pou ekip depatman Latibonit yo. Ekip nan depatman Nò yo ap itilize Pak Notre dame, Pak Miguel Saint-Jean ak Pak Saint-Victor pou resevwa match yo. Ekip nan depatman Sid ak Lwès yo ap jwe nan Pak Saint-Gérard Christophe, Pak Sainte-Herèse, Infrasa ak Land des Gabions.
N ap raple ekip chanpyon an ap soti ak yon anvlòp 10 000 dola ameriken. Ekip k ap fini 2èm nan ap genyen yon anvlòp 7 500 dola ameriken. Ekip k ap fini 3èm nan ap rekolte 5 000 dola ameriken. Chanpyon chanpyona espesyal sa ak vis chanpyon an pral reprezante peyi Dayiti nan Caribbean Cup 2024 epi 3yèm ekip la ap reprezante peyi Dayiti nan Caribbean shield.
Carl Henry Florant