Nan yon entèvansyon kèk ajan ki soti nan plizyè inite nan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) te fè jodi mèkredi a nan Site Doudoun te pèmèt yo libere yon dam 39 lane nèg ak zam te kidnape nan Delmas 31 12 dawout 2022 a. Nan echanj kout zam ak lapolis de (2)nan prezime bandi ki se Samuel Joseph epi Guemson Joseph tonbe pandan operasyon an.
Nan yon videyo ki poste sou paj facebook PNH la, viktim nan retounen sou moman nwa li te konnen pandan 12 jou li pase anba men malfra yo. Li pwofite remèsye lapolis pou entèvansyon sa a ki pèmèt li retwouve fanmi l.
Li bon poun raple ke samdi pase a, apre yon tantativ kidnapin, bandi nan katye sa a te asasinen anviwon dis moun, pami yo twa manm fanmi Desanclos, Josette ak pitit fi li yo Saradjie ak Sondjie.