Si Biwo swivi akò Montana te anonse pandan semenn lan yo kanpe sou tout dyalòg ak pouvwa an plas la sa pa anpeche eli nan ako a chita pale ak premye minis Ariel Henry.
Nan Yon kominike biwo prezidan Eli ako Montana an,Fritz Alphonse Jean enfome li te rankontre ak premye minis Ariel Henry jedi 4 dawout la .Diskisyon yo te chita sou pwoblem ekonomik ,politik ak sosyal kap brase bil peyi a .
Eli Montana a nan nòt sa lanse yon lot fwa apèl bay tout sektè nan lavi nasyonal la pou Yon konsansis laj kap pemet retablisman 3 pouvwa yo nan leta epi Yon gouvenman ki gen Moun Onet pou vin rezoud fenomèn ensekirite a ak amelyore sitiyasyon ekonomik ak sosyal popilasyon an.
Toujou nan demach pou jwenn yon solisyon a kriz la Fritz Jean di lap profite okazyon fèt Sent Suzanne nan mèkredi 10 août la pou rankontre divès aktè politik . Prezidan tirès Sena a, Joseph Lambert,kodonate jeneral AAA,Youri Latortue ,ak ansyen palmantè Kelly C .Bastien se kèk pami pèsonalite eli montana ap gen pou chita pale epi reprezantan IPAM nan tout komin Nò ak Nòdès ap vin reflechi sou kriz peyi a.
Ayiti/politik:Prezidan Eli akò Montana a chita pale ak premye minis Ariel Henry jedi 04 dawout la
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.