Jodi lendi 29 dawout, Plizyè kwen nan zòn metwopolitèn nan leve ak barikad epi kawotchou ki tap boule.Soti kafou ayewopò a, pase nan Delma 30, 40, 64, pa lwen komisarya Delmas 6, barikad kawotchou tap boule sou wout la.
Nan petyonVil te gen mouvman pwotestasyon. Kwen ri Jefra ak ri Dagen nan PetyonVil te gen barikad ak kawotchou ki tap boule. Sitiyasyon tansyon pat diferan tou sou wout la nan zòn Taba.
Selon kèk sitwayen mouvman pwotestasyon yo se pou kriz gaz la, lavi chè ak ensekirite ki pa sispann taye banda nan 4 kwen peyi a. Sitiyasyon tansyon yo te lakòz laperèz nan mitan sitwayen ki te soti al chèche lavi nan lari a ki pat prevwa yon jounen ajite nan kapital la.