Ayiti ap konnen dènye jou sa yo yon lavi chè ki san parèy . Pandan peryòd vakans lan pri pwodui premyè nesesite yo kontinye ap monte, sa a ki fè pèp ayisyen an plonje pi fon nan lamizè. Pandan tan sa, gang yo kontinye ap fè lagè nan katye popilè yo, enstabilite politik , chomaj ak zak kidnapin kontinye ap brase bil popilasyon an ki pa gen pèsòn poul rele potel sekou.
Depi kèk tan, ekonomis yo pa sispann repete ke ekonomi ayisyen an ap sibi yon enflasyon ak de (2) chif. Daprè ekonomis yo Goud la, lajan nasyonal peyi, kap pèdi anpil nan valè li kont dola a se youn nan rezon enflasyon ak 2 chif la. Jodi a ou bezwen plis pase 140 goud pou yon dola ameriken nan mache enfòmèl la. Valè sa a ke goud la ap pèdi devan dola se rezilta feblès pwodiksyon nasyonal la, mete tou Ayiti enpòte pi plis pase li ekspòte.
Sou mache nasyonal la pri diri enpòte, lwil enpòte, farin enpòte ak sik enpòte ak divès lòt kalite pwodui ogmante chak jou ki jou. Mamit diri enpòte a vann pou kounya 450 goud, galon luil 1750 goud, mamit pwa nwa lokal la vann 750 goud. Se menm sitiyasyon pou yon pakèt lòt pwodui pri yo kontinye ap vale teren.
Ogmantasyon nan pri pwodwi manje yo ak opòtinite ki pa genyen pou moun travay ap diminye kapasite pou popilasyon an achte pwodui sa yo, sa ki ap kontinye plonje pèp la nan yon mizè san parèy. Lèn gade sitiyasyon enkerite a, kriz gaz la mete avèk otorite yo ki pa janm panche sou sitiyasyon difisil peyi ap konnen jou kap vini yo pap dous pou popilasyon an ki pa konnen ki sen poul rele.