Direktè Jeneral Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil Laurent Joseph Dumas anonse vòl yo pral reprann aprè yo vin reòganize vòl sa a. ”gen enstriksyon ki bay pou jere sèten preyokipasyon ki gen pou wè ak lojistik sekirite konfò se yon gwo dezòd , sektè ayewonotik pa fonksyone nan dezòd sa ka debouche sou nenpòt aksidan” Nou tap site responsab OFNAC Laurent Joseph Dumas ki te pale ak jounal Nouvelliste.
Desizyon kanpe vwayaj Pòtoprens Nicaragua a bay machwè gonfle nan peyi Dayiti, plizyè moun te deja peye biyè yo ki te bloke ayopò Tousen Louvèti nan Pòtoprens. Nou aprann yèswa pou rive maten an gouvènman otorize kèk vòl pou moun ki te gentan tyeke yo.
Nap raple otorite Ameriken yo atravè depatman deta te eksprime preyokipasyon yo parapò ak vwayaj Nicaragua ki kapab fasilite trafik timoun trafik ògan elatriye.