Hot News
Nan Moulin Sable ,komin Petyon vil manm popilasyon an touye 3 prezime bandi nan dimanch 19 mas aprè midi.Endividi sa yo fè pati yon group bandi ki konn abitye simen laperez nan zòn lan. Aprè yo fin touye endividi yo ,abitan yo met dife sou kadav yo .Moun nan zòn lan mete sou pye yon brigad nan lide pou lite…
Fleurinord P. Antoine, responsab direksyon jeneral enpo yo nan Gonayiv kidnape lendi 17 avril la nan rantre sid site endepandans lan. Aksyon sila se zèv manb gang kokorat san ras yo kap opere nan Lakwa Peris . Nap raple group gang sa te deja kidnape direktè imigrasyon a Sen Mak la.
Golden State Warriors ranpòte setyèm (7)tit NBA lèl bat match 6 final NBA a kont Boston (103-90), nan lannuit Jedi pou rive Vandredi. Yon viktwa, twazyèm you apre lòt nan seri sa a, pou mete atè do yon advèsè ki pa t 'pèdi de match youn apre lòt depi mwa mas. Nan match yè swa Curry pèsonn pat ka kenbel…
Move nouvèl la fèk tonbe pou balon dò 2022 a. Karim Benzema, frape nan kwis samedi 19 novanm nan pandan antrenman, oblije deklare fòfè pou koup di mond Kata 2022 a. Atakan ekip Lafrans lan Karim Benzema pap jwe mondyal a apre li fin blese nan kwis li pandan antrennman samdi sa, se federasyon foutbòl fransè a ki konfime nouvèl…
Apre yon rapò UCREF te voye bay otorite jidisyè yo, Jij Jean Wilner Morin lanse yon manda arestasyon entènasyonal kont ansyen DG BMPAD Patrick Noramé. Yo akize li pou blanchiman lajan ak detounman fon. Daprè dokiman sa UCREF te voye bay lajistis ayisyèn, ki rapòte zak detounman fon ak blancman lajan, ansyen direktè a te itilize pozisyon li pou…
Responsab estrikti SOS jounalis la, Joseph Gyler C Delva, anonse pou dimanch 16 jiyè yon mach pasifik pou denonse fenomèn ensekirite epi egzije liberasyon kopropriyetè Télé Pluriel la, Pierre Louis Opont bandi kidnape depi 21 jou. Nimewo 1 asosyasyon jounalis lan fè konnen mach sa ap reyini nan won pwen Komin Petyon vil. Jounalis lan denonse pasivite otorite yo fas…
Group gang nan depatman latibonit kontinye ak simen laperèz kay popilasyon an. Nèg ak gwo zam lou kidnape lendi 13 mas la nan Pon wouj yon lokalite sitiye tou prè Chandèl komin Liancourt yon group misyonè. Sepandan depi aprè zak sa okenn enfòmasyon poko disponib sou kantite lajan ravisè yo ta mande ni konbyen moun ki kidnape. Sektè pwotestan an…
Seleksyon gason anpite yo pran tikè kalifikasyon li pou ka de final koup di mond Tiki 2022 a lè yo kraze seleksyon Amerikèn nan ak yon eskò tenis (6-2). Avèk 4 gòl Redondo Richard make mete ak yon gòl John Spinoza ak yon lòt Saviola Charles, Grenadye yo pase etap enpòtan sa nan 1/8 final la nan koup di mond…
Malgre move pèfomans Ayiti nan dènye Gold Cup 2023, li toujou kenbe menm plas li nan klasman FIFA. Chanpyon di mond an tit yo Ajantin toujou kenbe premye plas la, Meksik pran yon plas. Patwon foutbol mondyal la FIFA, pibliye twazyèm klasman l pou ane a, vandredi 20 jiyè 2023. Nan klasman sa, seleksyon ayisyèn nan toujou 87tyèm mondial avèk…
Plis pase 100 migran pami yo ayisyen ki tap tante rive ilegalman nan yon bato sou zile Mona yon rezev natirel ki nan lwes Porto Rico dapre enfomasyon otorite federal yo bay jounal Efe. Selon jounal la ,group iligran ilegal sa yo gen ladan 60 fanm pami yo 3 ki ansent ,38 gason ,3 tifi ak 2 tigason te rive…
Lapolis Nasyonal Dayiti mete anba kòd semèn sa nan zòn "Turgeau" 2 sispèk ki ta fè pati gwoup gang Bèlè Kempes ap dirije a. 2 endividi sa yo se Jimmy Févil ak Pierre Roberto. Daprè enstitisyon lapolis la Jimmy Févil fè pati gwoup gang Kempès ap dirije a, nan zòn Bèlè. Pandan yo tap kesyonel, li denonse youn nan akolit…
Selon Biwo Kowodinasyon Zafè imanitè soti 14 pou rive 19 avril nan kad batay ki te genyen ant gang nan komin site Soley lakoz 70 moun mouri ak yon karantèn blese nan mitan popilasyon an. Selony kominike estrikti OCHA moun sa yo blese swa ak zam oubyen kouto. Kominike a presize pami viktim yo genyen 18 fanm ak timoun epi…
Aksidan sa fèt nan mòn Tapion Aloe madi 23 me, yon pwoblèm fren yon kamyon ki tap pote siman fini kous li sou yon lòt kamyon ki te chaje ak pwovizyon alimantè ki tap desann pant lan. Selon rivren yo, kontwolè youn nan kamyon yo mouri sou plas epi youn nan chofè yo blese grav. 2 lòt moun ki mouri…
Ane 2023 anonse lap difisil anpil pou enstitisyon lapolis la kap konte kadav depi kèk jou. Anviwon kenz (15) polisye mouri nan atak ak zam ak afwontman ak gang nan mwens pase 15 jou. Dènye viktim yo anrejistre se pou mèkredi 25 janvye a, kote 6 polisye mouri nan komin Lyankou depatman Latibonit. Norabert, Kether, Donaldson, Maden, Félix, Camille se…
Watson Gustave alyas "Mafya" te okipe wout Piste, toupre Bilding 2004 pou rive Avyasyon. Nan Delmas 83 mèkredi 15 jen 2022 a, Polis Nasyonal DAyiti a, nan yon nòt pou laprès sou rezo sosyal li yo fè konnen prezime bandi sa tonbe anbal pandan echanj kout zam ak de (2) ekip Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI). Li te akonpaye pa…
The Florida Democratic Party Chairwoman Nikki Fried discusses Empowering Communities and Fostering Change
Nan yon nòt ki pibliye vandredi 28 oktòb 2022 sa a, Sekretarya Jeneral Primati peyi Dayiti a raple fonksyonè sivil yo ak ajan sektè prive yo ke apati dimanch 6 novanm 2022, bò 2è nan maten, lè a ap fè bak de 60 minit. "Lè nasyonal la ap fè bak de 60 minit apati dimanch 6 novanm 2022, a 2…
LApre grav blese Manuel Neuer a, Bayern de Munich te twouvel nan obligasyon poul siyen yon lòt gadyen. Jedi 19 janvye sa klèb Munich lan anonse yo siyen ak entènasyonal Swis lan ki tap jwe nan Gladbach, Yann Sommer, montan lajan transfè sa se 10 milyon ewo. "Apre grav blese Manuel Neuer a, FC Bayern Munich achte Yann Sommer, 34…
Bonna Fenold, ki fèt 12 fevriye 1979 nan Belle-Anse, Jean Gardy, ki fèt 12 fevriye 1977 toujou Belle-Anse ak Felisse Marckenson, alyas Pouchon, ki fèt nan dat 12 jiyè 1982 nan Mirebalais, jwenn arestasyon yo nan Lilavois 23 nan maten dimanch 9 jiyè 2023. 3 enfividi sa yo arete pou afilyasyon yo ak gang ki baze nan Belanton kote "…
Selon Asosiyasyon Medikal Ayisyèn gen pou pi piti yon trantèn medsen ki viktim kidnapin soti janvye 2022 pou rive jodi an. Depi kòmansman ane 2023 ,pou pi piti 10 medsen viktim kidnapping nan diferan sikonstans daprè AMH. Pwòch doktè Geneviève Arty, pa gen nouvèl li depi jedi 2 fevriye pase a kote bandi te kidnape 'l. AMH pa kache enkyetid…
Alòske yo te gentan konnen yo elimine apre viktwa Inter de Milan (4-0) sou Victoria Plzen, Catalan lan yo yon lòt fwa ankò yon pran yon kal nan Camp Nou Spotify lan (0-3) devan Bayern de Munich. Viktwa Bayern nan jodia se sizyèm match youn kole ak lòt Bayern fè ap bat FC Barcelone nan Lig dè Chanpyon an, se…
Kri Fanm Ayiti(KRIFA) denonse ak tout fòs yo move trètman 19 fanm ap sibi nan gadavi komisarya potoprens depi plizyè mwa. Pami fanm sa yo gen yon minè ki gen 9 mwa ansent k'ap bay san nan selil la daprè Direktris egzekitif KRIFA ,Guerlyne Rezidor ki fè konnen medam yo pa gen manje,dlo ak kit ijyenik. Fanm sa yo trouve…
Réseau National des Groupes Sanguins de Rhésus Négatifs (RENAGSANG) denonse anlèvman ak sekestrasyon pòt pawòl estrikti a Jean Thony Lorthé vandredi 3 fevriye 2023 a nan laboule 12 .Nan kad yon konferans pou laprès ayè lendi an ,kodonatris RENAGSANG fè konnen jounalis la gen yon sante fragile. Se yon nouvèl ki afekte non sèlman kòporasyon jounalistik la men tou RENAGSANG…
Delè pou anrejistreman lekòl yo nan kad resansman eskolè yo pwolonje pou vandredi 12 me kap vini, poutan enskripsyon kandida egzamen 9vyèm ane yo pou 15 me daprè yon kominike Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP). Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl eskprime satisfaksyonl epi ankouraje reyaksyon positif kominote edikatif la, spesyalman direktè lekòl yo ki te reponn an…
Nèg ak zam sou moto nan Clercine 2, asasine dimanch 11 desanm lan Joseph Nadège, yon polisyè 30 tyèm pwomosyon Polis Nasyonal Dayiti a. Polisye Bélimé Jhonny, mari viktim lan soti blese nan atak sa ,lap resevwa swen ka li merite lopital .Selon kòdonatè SYNAPOHA a , polisye Joseph Nadège ak Bélimé Jhonny te soti kap ayisyen ,yo tap rann…
13 moun nasyonalite ki gen ayisyèn fè vwèl pou peyi san chapo byen bonè maten lendi 7 dawout la nan yon aksidan sikilasyon nan peyi Repiblik Dominiken. Selon medya dominiken an LISTIN Diario, 13 moun sa yo te nan yon machin pami yo te genyen 9 gason 2 fanm ak 2 timoun. Konpatriyòt sa yo mouri nwaye aprè machin yo te…
5 moun asasine pami yo yon chofè moto samdi aprè midi a nan karadè,yon lokalite nan komin Taba . Selon plizyè temwen ki te sou plas ,zak sa se zèv endividi ki tap sikile nan yon machin ak vit tente .Endividi sa yo touye 5 jèn ki te nan yon stasyon taksi moto tou prè legliz pastè Marco a .…
Lendi 16 janvye 2023 a Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Madam Emmelie Prophète Milcé, yon lis ki gen non 28 jij ak komisè gouvènman yo met deyò nan sistèm jidisyè a. CSPJ a pa sètifye majistra sa yo pou “absans entegrite moral” epi pwoblèm “kalifikasyon akademik”. Pami yo nou jwenn Komisè…
Kes asistans sosyal remèt dirijan ekip andikap yo Yon chèk yon milion goud ak yon « plak d'honneur » après ekip maskilen an te fin patisipe nan mondyal ane ki sot pase a. Direktè adjwen CAS la Elinor Devallon fè konnen jès sa tap gentan fèt se akoz problèm peyi a ki fè li pat gentan fèl. Dirijan ekip…
Haïti- culture : Jude Marcelin De la RTMS et plusieurs autres journalistes honorés hier dimanche Aux-Cayes Les Cayes, 6 juin 2022 Une cérémonie d’hommage a été organisée hier dimanche 5 juin 2022 au Anti-Stress Club dans la 3e ville du pays dans le but d’honorer plusieurs médias et des journalistes, parmi lesquels, Jude Marcelin, Journaliste de la RTMS et de…
Nan lide pou adapte kad legal ak chanjman ki genyen nan zafè komès entènasyonal ak endistri, AGD enfòme li pibliye yon nouvo kòd dwanye. Kòd sa vize fè pwomosyon epi fasilite echanj yo, adopsyon valè tranzaksyonèl, lit kont fwod komèsyal, kontreband ak trafik ilisit, patenarya avèk sektè afè, ranfòsman kontwòl dwanye yo, demateryalizasyon pwosedi ak tranzaksyon komèsyal, akselerasyon men leve…
Kèk tan aprè l te jwenn liberasyon l mèkredi 10 dawou 2023, rapè Kernizan Wilkinson ki gen non atis li ''Bourik The Latalay'' anonse li pral soti yon nouvo ki pale de eksperyans sa li fè anba men lapolis ak otorite jidisyè yo. ''Se yon bon eksperyans, an menm tan tou se yon move eksperyans. Mizik lan rele "Move eksperyans",…
Pou premye demifinal konferans Wès la, Denver Nuggets wonfle Phœnix Suns nan seri a 4 viktwa a 2. match yo te jwe nan dat sa yo: 29 avril: Denver 125-107 Phœnix 1 me: Denver 97-87 Phœnix 5 me: Phœnix 121-114 Denver 7 me: Phœnix 129- 124 Denver 9 me: Denver 118- 102 Phœnix 11 me: Denver 125-100 Phœnix Gras…
Pou final 68tyèm edisyon Lig dè Chanpyon an, Manchester City bat Inter Milan (1-0), nan stade Ataturk la, nan vil Istanbul. Se Rodrigo milye teren Citizens yo ki make gren gòl la nan 68yèm minit. Se premye koup gwo zòrèg Sky blues yo ranpòte nan istwa yo. Alòske pwonostik yo te bay ekip Guardiola favori sou Inter, pandan 90 monit…
Nan yon kominike ki pibliye mèkredi 24 me a, ekip FC Barcelone nan anonse lateral goch li a, Jordi Alba, ap kite klèb la nan fen sezon sa. Apre 11 zan li pase ap pote koulè klèb la, Alba te kontribye nan ede Barca genyen yon pakèt twofe. Aprè Sergio Busquets yon lòt, yon vis kapitèn ap kite FC Barcelone nan…
lLapolis fè konnen Inite espesyalize nan Polis Nasyonal la tankou SWAT, UDMO ak UTAG mennen yon operasyon dimanch 4 desanm nan nan zòn pò Lafito, Minotri ak Sous Matla. Objektif entèvansyon sa kap kontinye toujou, se pou chase gwoup ame ki vle kenbe zòn sa yo an otaj. Selon kominike sa Fòs lòd yo metel deyò yo fè konnen Nan…
Gen 300 machin ki sezi ,25 moun mouri pami yo pasaje ak chofe soti premye jen jiska jounen Jodi a selon MUTH Mouvman inisfye transpòtè ayisyen yo drese yon tablo nwa kou lank sou sitiyasyon chofè mèt machin ak pasaje nan peyi a. Soti premye jen 2021 pou rive 29 mas 2022 gen 50 moun ki kidnape,102 lòt blese 25…
Si w bliye non l, ou ka rele l Daka. li diplome nan Jesyon ak Administrasyon nan Modern School an Ayiti, li te antre an Repiblik Dominikèn sa gen anviwon 2 lane. Jèn ayisyèn 32 lane sa a , renmen kreye aktivite. Se sa k fè, nan anviwon 2 lane li genyen kay vwazen an, li gentan mete sou pye…
Aprè eliminasyon ekip Philadelphie a nan demi final konferans Ès la dimanch 14 me ki sot pase a, direksyon Sixers yo deside révoque Glenn Rivers tout moun konnen sou non Doc Rivers nan dat 16 me a. Malgré antrenè ameriken 61 lane a te pèmèt sixers yo fini 3zyèm nan konferans Ès la, prezante bilan sa :54 viktwa pou 28 defèt ;…
Pou pi piti twa (3) viktim, pami yo youn ki mouri ak de blese ak bal, anrejistre nan apremidi jedi 16 jen 2022, apre yon atak ame kont lokal Otorite Pò Nasyonal (APN), nan Pòtoprens. Moun ki mouri a se yon ajan sekirite, alòske de (2) blese yo se anplwaye Caribbean Port Services (CPS), yon konpayi prive ki chita anndan…
Sitwayen yo nan Pòtoprens ak Santo Domingo kapital Repiblik Dominikèn te santi yon sekous sismik manyitid 4.8 sou echèl Richter ayè madi 21 fevriye a bò 10:52 pm. Episant tranbleman sa trouvel nan komin Marigot ,sidès peyi Dayiti.Plizyè rivren nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonel yo pat kache laperèz yo nan moman pasaj tranblemann tè a. Pou kounya, nou pa…
Pandan 4 premye mwa ane 2023 a,ekip Mobil Medsen San Fontyè a fè konnen li trete 7781 moun. MSF distribiye plus pase 300 mil lit dlo nan zòn ba Delmas, Bèlè ak ba Bèlè kote kominote ki plis touche akoz vyolans ki gen nan kominote sa yo. MSF distribiye tou nan mwa fevriye 300 mil lit dlo ak 607 trous…
Pou match retou Lig Ewopa yo kite jwe jedi 18 me a, nan premye demi final la, FC Seville bat Juventus (2-1) aprè pwolongasyon nan stade Ramón Sanchez Pizjuán lan. Poutan, se italyen yo kite fè gol anvan ak atakan sèb la Dusan Vlahovic 65e. Panyòl yo te reyaji ak Jesus Joaquin Fernandez Saez de la torre ki gen ti…
Ekip chanpyon ewopeyen an tit yo, Real Madrid, ansanm ak prezidan l Florentino Pérez Rodríguez (76 lane) prezante yon lis 7 jwè nan efektif la ki pap fè yon pa kita, yon pa nago. Kèlkeswa lajan nenpòt lòt ekip ta vini ofri, jwè sa yo ap rete. Men lis la: Gadyen titilè a, Thibaut Marc Courtois (30 lane) 3 Brezilyen…
Aprè pwòch li te pase plizyè èd tan san nouvèl li Finalman madanm jounalis Jean Thony Lorthé resevwa apèl ravisè yo byen bonè samdi 4 fevriye a. Bandi yo ekzije 200 mil dola Ameriken pou liberasyonl ak 2 lòt kamarad ki te avek li yo Nap raple jounalis vision 2000 la te nan wout vandredi 3 févriye a ak kek…
Nan yon videyo ak yon nòt ofisyèl ki soti vandredi 2 jen an, direksyon ekip PSG a sou sit entènèt li konfime defansè Panyòl la Sergio Ramos pap pwolonje ak klèb kapital fransè a: "PSG salye ak anpil chalè Sergio Ramos ki pral kite kapital la aprè 2 sezon ap defann koulè klèb la." "Pari Sen jèmen rejwi jan l…
25 moi 2022. 21 moun mouri anba bal pami yo 19 elèv, se bilan nouvo fiziyad la ki anrejistre nan Robb Elementary School ki trouve l nan vil Uvalde, Eta Tekzas madi 24 me 2022 a. Atak sa un lage paran, zanmi ak tout sosyete ameriken an nan gwo lapenn. Prezime asasen an rele Salvador Ramòs. Jenn gason dans une…
Se pa Sèl jounalis vision 2000 la Jean Tony Lorthe ki nan men bandi yo ,frèl Profesè Odner Lorthé sekestre tou . Nan sans sa ,Tout aktivite te kanpe ayè lendi 6 fevriye nan lise Jean Jacques Dessalines ki nan avni Christophe nan potoprens pou ekzije liberasyon Jean Tony Lorthe ak tout frèl Odner ki se profesè fizik ak matematik…
Gouvènman an deside repòte pou 2 lane aplikasyon nouvo kòd penal ak pwosedi penal la . Aprè divès vwa te leve nan sosyete a pou denonse nouvo kod penal ak pwosedi penal ,gouvenman an plas la nan Yon konsèy minis mekredi 22 jen an deside repòte pou 2 lane aplikasyon nouvo kòd pénal AK pwosedi penal la. Konsey minis lan…
Football: Karim Benzema Eli meyè jwè Lig dè Chanpyon 2021-2022 an Gayan La Liga ak Lig chanpyon an ak Real Madrid, franse a ranpòte yon lòt tit endividyèl. EUFA anonse jodi madi a Karim Benzema nome pi bon jwè nan Lig chanpyon 2021-22 ki sot pase a. Avèk 15 gòl make nan 12 match, Benzema te fini pi bon bité…
Premye minis Ariel Henry anonse entansyonl poul mete sou pye yon gouvènman Inite Nasyonal. Lokatè primati a anonse tou komansman demaraj pwosesis ki dwe abouti ak revizyon konstitisyon an. "Mwen angajem pou'm lanse avèk HCT a pwosesis revizyon konstitisyon an, mete sou pye yon gouvènman inite nasyonal epi travay avèk patnè konsansis 21 desanm yo nan lide pou elaji…
Baz 5 segonn atake palè jistis aprè midi a ,kòdonatè kolektif avoka kap defann dwa moun yo manke mouri . « Mwen sot manke mouri nan pakè a. yo tire sou machin mwn, sa lakoz nou pèdi kontwòl volan an. nou fè aksidan. machin mwn kraze nèt. nou te 5 nan machin lan, Bondye pou nou pèsonn pa gen anyen.…
Atis ayisyen Roody Pétuel Dauphin nou tout konnen sou non Roody Roodboy mete deyò dènye Album li ki gen pou tit ''Tou 9''. Sou Album sa nou jwenn 16 mizik pami yo atis la gen 9 kolaborasyon ak lòt atis nan sektè mizikal la tandiske lòt 7 tit yo Roody Roodboy chante yo an solo. 9 mizik ki an kolaborasyon…
Apre yon alèt Sant Enfòmasyon ak Operasyon (CRO) te resevwa, lapolis met men sou Geffrard Wesley, 40 lane, mèkredi 29 mas 2023 la pou prezime patisipasyon li nan zak malonèt gwoup gang Kanaran an Jeff ap dirije a. Wesley ki soti "Boucan-Carré," yon vil ki sitiye nan depatman Sant lan, espesyalize nan reparasyon machin gang sa a itilize e li…
Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) kondane ak tout fòs li zak briganday ak atak sou lekòl ki fèt nan komin Lyankou (depatman Latibonit) kote yon elèv blese e rive mouri apre li te resevwa yon bal pandan li te sal klas li. Alfred Fedins, ki gen 10 lane, yon elèv 4yèm ane fondamantal, pèdi lavi l apre li…
Dimanch 9 avril la ,3 polisye asasine nan Thomassin,yon katye nan Petyon Vil , depatman lwès peyi a. Se manm gang ki gen nan tèt li Carlot Petit Homme alyas Ti makak selon yon twit Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo. Sendika Nasyonal Polisye Aysiyen dil konfime asasina dimanch 9 avril la,3 polisye nan Thomassin. Selon kodonatè estrikti sa, Lionel Lazarre…
Alòske fanatik yo te ret ap tann depi kèk tan, gwoup Kompa Nu-Look pou bonè meloman yo mete deyò madi 8 out la yon mizik ki gen pou tit ''Mea Culpa. Arly Larivière ki se chantè, konpozitè Jazz la nan tèks sa temwanye li pat konn sal te vle, li te yon adolesan, li fè anpil erè, li mande padon.…
KOLEKTIF FANM ANGAJE POU AYITI, kondane ak tout fòs li sitiyasyon laterè Peyi a ap viv depi yon bon bout tan e ki depi, dimanch 12 dawou a nan aswè, lage popilasyon Kafou Fèy ak zòn ki viwonnen l yo, nan gwo tèt chaje. KOLEKTIF la ap mande Lapolis pran bonjan mezi pou pèmèt lapè retounen nan Kafou fèy yon…
Prezidan konsèy administrasyon Digicel la , Maarten Boute lanse yon apè sekou akoz deteryorasyon klima sekirite a nan rejyon metropolitèn lan. Depi 2 semenn sitiyasyon sekirite peyi an vin pi mal nan kapital lan avèk kantite ka kidnapin ki anrejistre nan divès kwen nan rejyon metropolitèn lan. " Sitiyasyon an dezespere chak jou pi plis nan potoprens.Gang ame yo poze…
Menm jan ak gwoup A, gwoup B a fin jwe jodi madi a avèk 2 match ki te jwe nan menm lè: "Angleterre Vs Pays De Galles" epi "Etats-Unis kont Iran". Apre twazyèm jounen sa ki wè "Anglettere" bat Pays De Galles (3-0) epi Etats-Unis bat Iran (1-0) ebyen se Anglè yo ak Team USA lan ki pran 2 tikè…
Lendi 6 mas 2023, PSG fè konnen foutbolè brezilyen an, Neymar Da Silva Santos Junior, pral fè operasyon nan cheviy dwat li, kotel te blese ankò kont Lille 19 fevriye pase a. Sipèsta Paris an ap vwayaje pou al Doha pou yon operasyon "reparasyon ligaman". "Jwè a ap apsan pou 3 a 4 mwa anvan li retounen nan atrenman kolektif",…
Nan moman la Kanada ap mennen yon misyon evalyasyon an Ayiti, Minis Afè Etranjè Kanadyen an, Mélanie Joly, ki anonse nouvèl jedi 27 oktòb la. "Yon delegasyon Gouvènman Kanada ap konsilte ak patnè rejyonal yo, Nasyonzini, Kominote Karayib la (CARICOM) ak lòt patnè,” se sa nou li nan yon deklarasyon ki afiche sou sit wèb Global Affairs Canada. "Delegasyon nan…
Nan yon mesaj li pibliye sou kont enstagram li jedi premye jen an, defansè entènasyonal ayisyèn nan Claire Constant anonse li blese, e lk pap gentan disponib pou mondyal 2023 kap gen pou fèt nan peyi Ostrali/nouvèl zeland la. "Depi mwen te tou piti, mwen te toujou reve jwe yon koup di mond. mwen santi kèm ap rache. Jodia, mwen…
Lapolis nan Dèlma arete nan kòmansman semèn nan Alex Deroné pou agresyon seksyèl li fè sou pwòp pitit fi li ki gen sèlman 12 zan. Viktim nan eksplike papa a te mete penis li nan vajen li ak nan dèyè li apre li te fin fè li retire kilòt sou li e sa pase nan lannwit samdi 18 fevriye a.…
Nan yon long papye ki pibliye samdi 11 jen an jounal Ameriken Washington Post mete aksan sou yon estrateji gang ame yo itilize an Ayiti pou vann tèt yo pouvwa yo epi devlope anpil lò estrateji: itilizasyon rezo sosyal yo. Ekspè yo mande pou mete fen nan deriv sa a. Daprè Washington Post, Gang yo sèvi ak rezo ki pi…
Ekip Al-Nassr la anrejistre 13yèm viktwa l nan chanpyona pou sezon sa lèl bat Damac FC (0-3). Se 2yèm fwa Ronaldo fè 3 gol nan yon sèl match pou ekip Al-Nassr lan. Nan okazyon 18tyèm jounen chanpyona Arabi Sawoudit la moun plus konnen sou non "Saudi Professional League", ekip Al Nassr la al kraze Damac FC lakay li (0-3) nan…
Djina Guillet Delatour fè vant siyati liv li jounen dimanch 18 jen 2023, ki titre « 40 ans au-delà des limites pour une cause ». Nan liv sa a, Djina Delatour mete vi l an piblik espesyalman karaktè li, pwofesyon li, fanmi li, ak eksperyans pèsonèl li. «40 ans au-delà des limites pour une cause» se pa yon istwa Responsab…
Si "France" te gentan konnenl kalifye depi nan dezyèm joune a, jodi mèkredi a "Tunisie" kreye sipriz lan, li bat Fransè yo (1-0). Malgre viktwa "Tunisie" an ebyen se "Australie ki pase avèk viktwa tou kout li (1-0) sou "Danemark". Nan gwoup D an "France" fini ak menm kantite pwen ak "Australie" (6 pwen) men se Fransè yo ki fini…
Ayiti/Ensekirite :Lapolis stope 2 preziman bandi nan echanj kout bal nan lanwit madi 15 novanm lan nan ang avni Jhon Brown ak di capois. 2 prezime bandi motelman blese nan echanj kout bal ak lapolis nan lanwit madi 15 novanm lan nan ang anvi Jhon Brown ak ri Capois . Pandan operasyon sa ,lapolis rekipere 2 fini daso epi…
Dram nan otèl « Mon Rêve Hôtel », ki nan ri Kapwa nan Pòtoprens jounen lendi 10 jiyè a, kote yon sitwayen ki rele Léonel Forestal mouri pandanl tap fè bagay, fanm li te nan relasyon avèk li a kouri kite otèl la san responsab yo pat gentan wè sa. Selon enfòmasyon ajans Le Facteur Kò Forestal te alonje atè…
Ayiti/jistis :Fondasyon Je klere mande pou anpeche tout aktè politik ki anba sanksyon kanada ak etazini yo ale nan eleksyon . Fondasyon Je Klere jije grav sanksyon peyi Kanada ak Etazini pran kont sèten pèsonalite ayisyèn .FJKL dil pèswade sanksyon sa yo ap gen yon enpak sou plan politik. Pwochen dekrè élektoral la dwe prevwa dispozisyon pou ekate nan pwochèn…
Ayiti/ensekirite:Pou piti 5 moun mouri anba bal bandi nan kad afwontman gang nan matisan. Batay ant nég ak zam nan Ti Bwa (Fontamara) ak Martissant te kontinye lendi 14 novanm .Omwen 5 moun mouri anba bal sou wout nasyonal 2 nan nivo matisan . Tout aktivite te paralize nan rantre sid kapital la pami yo sikilasyon machin .Sitwayen yo te…
Jeanty Simon, responsab APCH nan Aken, konfime ke gwoup Izo nan Vilaj de Dye detounen epi kidnape jodi vandredi a alantou 8 nan maten, 2 bis ki fè trajè Miragwan/ Pòtoprens ak yon trantèn pasaje. Sendikalis la pwofite sitiyasyon sa a, pou li mande lòt chofè Miragwan yo pou evite wout Matisan nan moman sa a.
Depi kèk jou sou tout rezo sosyo yo anpil imaj ak videyo kap pataje montre solidarite konpatriyòt ayisyen nan Wanament pou rive konstwi yo branch kanal sou rivyè Masak la. Yon inisyativ daprè sitwayen kap travay sou chantye sa kap pèmèt peyizan yon jwenn dlo pou wouze jaden yo sitou plen maribawou ki gen kapasite pwodwi 40 mil tòn diri…
Endividi ak zam anlve pou piti 5 moun pami yon medsen jedi 29 mas la nan Pòtoprens. Anpil katouch te tire nan plizyè katye . Se anndan klinik la nan riyèl Berne, neg ak gwo zam lou anlve doktè Joëlle Nazon Cinéas. Yon lòt kote ,3 anplwaye yon supermarché anlve nan komin Delmas. Selon enfòmasyon yo,ravisè yo pran yo…
Ayiti/Ensekirite :Nèg ak zam nan laplèn kidnape 3 moun pami yo yon anplwaye sant anbilansye Nasyonal . Jean Herteulou Saintil ki nan sèvis lojistik sant anbilansye nasyonal kidnape nan laplèn samdi 12 novanm lan ,li te avèk papal epi yon pwoch fanmi bandi yo kidnape tou. 3 viktim yo te nan yon machin sant anbilansye nasyonal imatrikile SE-07164 ak logo…
Sou inisyativ Pastè Gregory Toussaint fidèl pwotestan an Ayiti tankou nan kèk peyi etranje te patisipe dimanch 9 jiyè a nan yon mach pasifik pou mande mete fen nan kriz kap sakaje Ayiti depi kèk tan. Abiye ak mayo blan ki gen koulè ble ak wouj la ekri ak Yon mesaj "Souf pou Ayiti", kretyen pwotestan te mache nan plizyè…
Nan okazyon selebrasyon fèt pou ekip Napoli a ki rive chanpyon nan seri A pou sezon sa (2022-2023), nan vil Naples ki nan sid peyi Iali. Anpil moun soti viktim vandredi 05 me a. Selon Journal Gazeta dello sport, yon jenn gason 26 lane (yo pa mansyone nonl) resevwa yon katouch, malgre yo mennen l lopital, li mouri. Mennaj jenn…
Komisè gouvenman tribinal premye enstans Mibalè a envite ansyen senatè Willot Joseph nan dat 20 jen kap vini la pou bay esplikasyon sou zak asasinay ansyen korespondan radyo Mega nan vil Mibalè a Néhémie Joseph . Envitasyon sa fè swit ak ansanm akizasyon ansyen palmante a fè kont senatè Rony Célestin kòm kwa li ta patisipe nan asasine jounalis Néhémie…
Kadinal Chibly Langlois viktim nan yon tèrib aksidan sikilasyon sou wout Nasyonal nimewo 2, jodi Mèkredi 8 jen 2022 an. Se Evèk Nippes lan, Pierre André Dumas, ki konfime enfòmasyon an. Responsab legliz Katolik la an Ayiti ta gen yon bra kase men lavi li pa ta an danje. Pou kounye a li ap resevwa swen ka li nesesite nan…
Nègd ak zam sou moto moun pa idantifye louvri kout bal vandredi aprè midi sou plizyè moun ki te nan mache Salomon ki trouvel nan sant vil Pòtoprens. Pou piti 5 moun mouri ak plizyè soti blese . Pou kounya viktim yo poko idantifye ni pèsòn pa konn motif atak sa. Fiziyad sa te pwovoke yon van panik jeneral nan…
Endividi ak gwo zam Lou kidnape yon anplwaye Enstiti Byenèt Sosyal ak Rechèch pa two lwen palè nasyonal .Zak sa fèt vandredi 10 mas la pandan James Smith Cadet tap kondwi yon machin enstitisyon an imatrikile OF4119. Jean Smith Cadet ap travay kom chofè IBERS .Nan moman anlèvman l li tap kondwi yon Toyota Land cruiser blanc ki pou enstitisyon…
Nan yon entèvyou Coach Itala bay Radio Galaxie, li fè Konnen “ Komite Nòmalizasyon an te mande yo 8.000 $US pou yo lwe Ranch Kwadèboukè nan kad preparasyon CFU violette. Aprè Negosiyasyon yo lwe Teren Ranch lan pou yo antrene Ak kote pou yo domi pou 2.000$ US. Yon lot kote, li fè Konnen “ li fè Konnen li pa…
Plizyè ajan Polis Nasyonal Dayiti a arete ayè madi 11 jiyè Ricot Oscar. Li gen akizasyon sou dol pou vyòl sou yon tifi 4 lane nan katye Bèlè ki twouvel nan komin kap Ayisyen. Se pòt pawòl polis la nan depatman Nò peyi an enspektè divizyonè Arol Jean ki konfime enfòmasyon an. Pou kounya sante viktim nan amelyore lap pran…
Epidemi kolera kontinye ap fè viktim nan mitan popilasyon a spesyalman nan depatman sidès peyi a. Dènye bilan an se 17 moun ki mouri pami yo 14 nan sant trètman kolera Jakmèl la. Moun sa yo pèdi lavi yo pandan ogmantasyon ka kolera soti mwa jen rive 8 jiyè pase a. Viktim yo soti nan plizyè lokalite tankou Saint Philippe…
Nan yon kominike ki soti madi 20 jen an, CONMEBOL la revele nan ki dat Copa America 2024 la pral dewoule. 48yèm edisyon Copa America pral fèt nan peyi Etazini soti 20 jen pou fini 14 jiyè nan lane 2024. Prezidan CONMEBOL la Alejandro Dominguez fè dekarasyon sa nan yon kominike : "Nou kontan pou n anonse ofisyèlman nan ki…
Reyaksyon yo pa sispann tonbe swit ak deklarasyon komisè gouvenman an potoprens lan ki anonse lap met aksyon piblik an mouvman kont Izo 5 segond ,chèf gang village de Dieu a aprè atak kont palè jistis 10 jen pase a.Direktè ekzekitif RNDDH la , dil pa bay enpotans ak deklarasyon komisè a. Pierre Esperance mande chèf pouswit la poukisa…
Jedi 30 mas la nèg ak zam te fè yon atak brital Vivy Michel nan Vilaj Palmes, daprè konsta jij depè Petyonvil la endividi ak zam yo touye pou pi piti yon moun, yo mete dife nan 6 machin ak 2 kay pasyèlman boule. Moun malfra yo touye a pote non Jean Bernanrd Céjuste, li te chofè jij Durin Duret,…
Gouvènman ayisyen an pibliye vandredi 7 oktòb 2022 sa a nan kolòn jounal "Le Moniteur", rezolisyon ki pran nan Konsèy Minis pou mande entèvansyon fòs militè etranje an Ayiti. Nan rezolisyon sa a, Konsèy Minis lan bay chèf gouvènman an manda pou mande entèvansyon fòs militè etranje nan peyi a.Pou sipòte desizyon sila, Konsèy Minis lan fè konnen yo devaste…
Désius Jameson, 29 lane, ki spesyalize nan trafik zam, brakaj ak asosiyasyon malfektè arete nan Petyon Vil. Li abite wout Frè epi se manm gang kap opere nan Marin, komin Kwa dè Boukè. Yon lòt kote, lapolis pwosede ak arestasyon Lucien Thomas, chofè taksi moto, manm menm group gang sa. Li gen 39 lane li abite Marin 23. Lucien Thomas…
Amos ak Nélio mouri epi kò yo boule se manm nan popilasyon an nan nivo Fò Jak ,komin Kenskòf ki komèt zak sila. Selon plizyè sous nan zòn lan,manm nan popilasyon an touye yo ayè mèkredi nan aprè midi aprè manm brigad zòn te ede lapolis arete yo. Yo lonje dwèt sou yo kòm manm gang Kraze Baryè ki gen…
Soti 31 me pou rive 7 jen 2023, senk (5) moun mouri nan prizon sivil Tigwav la daprè Me Valenbrun Jasmin, jij ranplasan na tribinal lapè nan jiridiksyon sa. "Move kondisyon detansyon, mank swen medikal pou prizonye ki malad yo ak yon rejim alimantè ki pa ekilibre se tout faktè sa yo ki lakòz lanmò prizonye sa yo," daprè Jij Valenbrun…
Se youn nan polisye pakè potoprens tap tande vandredi 10 jen nan kad dosye detounman chèk la ki planifye atak kont palè jistis la.Polisye sa antann li ak baz 5 segonn nan vilaj de Dye pou anvayi espas la kraze Odyans la daprè Revelasyon Senatè Patrice Dumond.Palmantè fè konnen otorite jidisyè ak polisyè yo deja gen tout enfòmasyon sou…
Pou final 120tyèm edisyon "Copa del Rey" la, Real Madrid bat Osasuna (2-1) , samdi 06 me a, nan stad Olympique Séville la (60 mil plas). Entènasyonal brezilyen an Rodrygo Goes Silva fè 2kabès 2e, 70e minit, li pwofite Franchi etap 50 gòl nan 239 match sou koulè blancos yo. Pou Osasuna Pampelune, mitan teren panyòl la Lucas Torro Marset…
Depi plizyè jou kout zam otomatik ap chante nan plizyè kwen nan zòn metropolitèn Pòtiprens lan: Bèlè, Delma 30 ak 32, Nazon, Solino, se kèk pami plizyè katye kote nèg ak zam pran an otaj pandan tout semèn nan. Yon sitiyasyon tansyon ki lage popilasyon zòn sa yo de bra pandye. Nan fen jounen jedi 2 mas 2023 a, nèg…
Selon asistan sekretè deta adjwent pou karayib la, Barbara Feinstein,vizit ofisyèl Kenya…
Òganizasyon Sitwayen pou yon lòt Ayiti dil anrejistre pou mwa jiyè ane…
Lapolis nan komisarya Pòtoprens pwosede ak entèpelasyon madi 25 jiyè nan aprè…
Nan yon kominike ki pote dat 26 jiyè 2023, Rezo Nasyonal Kap…
Nan kad selebrasyon 113 lane ekzistans lekol "Sainte Trinité" vandredi 21 jiyè…
Malgre move pèfomans Ayiti nan dènye Gold Cup 2023, li toujou kenbe…
Amos ak Nélio mouri epi kò yo boule se manm nan popilasyon…
"Sekretè jeneral ONU an Antonio Guterres ap travay nan 30 jou apati…
Subscribe to our newsletter to get our newest articles instantly!
Sign in to your account