Selon jounal ameriken New York Times deja gen yon lòd ekspilsyon pou peyi Etazini ki vin jwenn otorite Ayisyen yo. Nan atik sa ki pibliye 19 oktòb la gen plizyè avoka ki gen kilyan Miami nan dosye a ki fè konnen pwokirè ameriken an depoze yon ”ak akizasyon” kont Badio.
Sepandan poko genyen okenn ”akizasyon ameriken ” kont Badio ofisyelman. Plizyè akize ki déjà Etazini yo te avwe se Joseph Félix Badio ki te ba yo lòd asasinen ansyen prezidan Jovenel Moïse .
Nap raple plizyè apèl telefonik te revele konvèzasyon Badio ak Ariel Henry ki vin premye minis aprè zak la.