Ayiti/Sosyal:Kot 3 milya goud gouvènman an te dekese sou pou apezman sosyal la ? kesyon petrochalenjè Ricardo Fleuridor.
Nan sousi pou ede popilasyon an fè fas ak lavichè gouvènman Ariel Henry te anonse Yon ansanm mezi pami yo 3 milya goud leta pral dekese kote divès enstitisyon piblik ap jwenn Yon pati pou akonpanye popilasyon an .
Estrikti Nou pap konplis ap kesyone kote lajan sa pase ? Kote lajan mon cash ? Kote panye alimantè ? Kote ti djòb ki tap kreye atravè diferan ministè yo ?Se Ansanm kesyon petrocgalenjè ap Poze .
Pot pawol estrikti a , Ricardo Fleuridor ki drese yon tablo nwa kou lank sou sitiyasyon sosyo ekonomik peyi a dil gen gwo dout sou lajan sa ki daprè li fè wout kwochi .
Nan sans sa ,petrochalenjè lanse Yon iltimatòm fen mwa sa pou tout enstitisyon ki tap jere lajan sa bay esplikasyon sinon Ricardo Fleuridor menase pou al plante pikèt yo devan lokal Inite Lit kont koripsyon.
Nou pap konplis gen gwo kè kase devan grangou lavichè kap pran pye nan peyi a .Petrochalenjè a propoze pouvwa an plas la pou chita pale ak sektè prive a pou jwenn yon antant pou bese pri pwodwi premye nesesite yo sou mache a sinon nap rantre tou dwat nan yon eklatman sosyal kap san parèy