
Legliz Episkopal gen gwo enplikasyon nan trafik zam ak minisyon an Ayiti.Dirijan legliz yo sèvi ak franchiz EEH pou fè antre zam ilegal daprè yon twazyèm rapò polis jidisyè sou dosye sa .
Kiyes ki te ka kwè sa, selon enstitisyon polisyè a, plizyè responsab legliz Episkopal itilize franchiz leta ba yo pou fè trafik zam ak minisyon. Rezo trafik zam sa pran plezi nan vann zam ak minisyon bay gwoup gang nan rejyon metropolitèn lan tankou gang village de Dieu ak group ame ki gen nan tèt li Innocent Vitelhomme.
Biwo zafè finansye ak ekonomik, yon antite nan direksyon santral polis jidisyè revele otorite yo nan legliz Episkopal transfere chak mwa pou piti 30 mil dola ameriken pou yon trafikan zam entenasyonal ki soti nan peyi Zimbabwe, yon ansyen anplwaye EEH, yon lajan enstitisyon an pat ka jistifye epi endividi an lapolis ap chachel lontan sa.
Yon lot bò ,avan dosye sa ,palman Ayisyen debloke chak mwa 300 mil goud sou non pè ,sekretè jeneral egzekitif Dyosezen legliz Episkopal la. Li te komisyonè nan dwan potoprens lan, Gina JL Rolls pou resevwa nan non legliz Episkopal la kontenè ki te gen zam ak minisyon yo. Yon kagezon ajan dwanye yo ta pral dekouuvri, jedi 14 jiyè 2022 à nan waf Pòtoprens .
Nan twazyèm rapò sa ,DCPJ fè konnen pè Frantz Cole genyen plizyè kont bankè an Ayiti ak etranje pami yo gen gwo sòm lajan. Yon dizèn moun deja arete nan kad anket sa sou dosye a pami yo Pè Frantz Cole, kontab legliz Episkopal la ,Jean Gilles Jean Mary ak komisyonè nan dwan la ,Gina JL Rolls.