Vandredi 12 jiyè 2024 la, Nasyonzini adopte rezolisyon 2743 (2024) sou renouvèlman manda Biwo entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH). 15 manm Konsèy Sekirite a te vote an favè pwolongasyon sa a, kidonk manda biwo politik Nasyonzini an an Ayiti pwolonje jiska 15 jiyè 2025.
Rezolisyon sa a, Etazini ak Ekwatè te ekri l, li vize ranfòse wòl kowòdinasyon BINUH ak divès ajans Nasyonzini ak Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MMSS). Li bay BINUH sipèvize siksè nouvo tranzisyon politik Ayiti ansanm ak MMSS la peyi Kenya ap dirije a.