Minis Anviwònman Dominiken an, Orlando Jorge Mera, mouri jodi lendi 6 jen an nan yon fiziyad andedan katye jeneral ministè a.
Ofisye polis nasyonal ki twouvel nan lokal Ministè Anviwònman an konfime lanmò Minis Orlando Jorge Mera. Anplwaye Ministè Anviwònman ki te sou plas nan motak atak la voye te rive chape poul yo apre yo fin tande kout ki te kontinye ap chante nan paraj ministè a, daprè sa jounal dominiken Listin Diario rapòte.
Fòk nou raple 3 ajan Direksyon Santral Envestigasyon Kriminèl lapolis Dominikèn te pèdi lavi yon anba bal, vandredi 3 jen ki sot pase a, sou gran wout Mella, nan kapital Sendomeng. Dènye tan sa yo gouvènman Dominiken an ap fè fas ak yon ogmantasyon zak kriminèl yo nan peyi a.
JKC