Endividi moun pa idantifye ki tap sikile sou moto touye ak bal Lony Trantius, yon antreprenè nan vil Okay, dimanch 26 mas 2023 nan zòn Chapantye. Viktim lan ki nan trantèn yo tap soti nan mache poul rantre lakay li, nèg ak zam yo rapousuiv li epi asasinenl.
Zak asasina sa vini 3 jou aprè òm dafè, Tarthe Murat, ki se pwopriyetè “Autoparts Bèl Boukan” te tonbe anba bal endivid ak zam nan lannuit 23 mas 2023 nan lokalite Lafama, vil Okay.
Depi kèk tan, ka asasina ak zak bandi yo rekòmanse nan depatman sid la, sitou nan Okay. Twazyèm vil nan peyi a te repite kòm youn nan kèk vil an Ayiti a ki te jiska prezan ap goumen pou anpeche fenomèn ensekirite a ki lage anpil fanmi nan lapenn nan kèk lòt rejyon.