Nan yon kominike Ministè zafè etranjè ak kilt nan peyi Dayiti pibliye jodi 11 janvye 2024 la, li fè konnen Minis zafè etranjè ayisyen an, Jean Victor Geneus, chita pale ak Minis zafè etranjè Repiblik Dominikèn nan,Roberto Alvarez, jou ki te 9 ak 10 janvye 2024 la.
Reyinyon sa ant de (2) peyi yo chita sou itilizasyon resous dlo de (2) peyi yo pataje ansanm nan, li chita tou sou komès epi li konsène dosye sekirite sou fwontyè a. Rankont sa fèt nan peyi Etazini nan kapital la Washington, nan syèj Òganizasyon Leta Ameriken an ki gen sig li nan lang fransè a (OEA).
Delegasyon ayisyen ki gen nan tèt li Geneus ak yon delegasyon dominiken ki gen nan tèt li Alvarez te chita nan syèj OEA ki nan Washington pou yo diskite sou pwoblèm yo te genyen ki te mete youn nan kanpe lwen lòt.
Reyinyon sila bay okazyon pou retounen ak dyalòg la sou dosye konstriksyon kanal irigasyon Pittorbert ak itilizasyon kanal irigasyon Wanament/Dajabon la. Minis zafè etranjè de (2) peyi yo te diskite tou sou dosye migrasyon ak sou dosye depòtasyon ayisyen.
Delegasyon yo tonbe dakò pou yo jwenn yon chimen lapè, jan trete pou lapè ak zanmitay 20 fevriye 1929 la ak lwa entènasyonal yo prevwa dosye sa yo. Pou yo rive la, Geneus ak Alvarez dakò tou pou yo benefisye konkou yon enstitisyon y ap chwazi ak yo de (2), pou vin jwe wòl abit epi pote bon jan limyè sou reyalite sou etid dlo de (2) peyi yo pataje yo, sitou dlo rivyè Masak/Dajabon la.
Eske dyalòg sa yo ap pote kichòy pou peyi Dayiti ? Se kesyon anpil ayisyen ap poze.
Carl Henry Florant