Nan yon kominike pou lapres Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò jounen lendi 29 dawou a MENFP raple raple reouvèti lekòl la fikse pou 3 oktob kap vini la ,Nan sans sa ministè a mande aktè konsène yo respekte desizyon sila a.
Nan kominike Sila MENFP mande ak tout ajan edikatif yo (direktè lekòl, pwofesè ak paran) travay nan tèt ansanm pou respekte dat 3 oktòb la pou rantre lekòl la.
Enstitisyon atire atansyon tout aktè sou sitiyasyon peyi ap viv jounen jodi a ki dapre nòt sa mande chak moun pou fè plis jefò pou gen plis inite, solidarite, pandan y ap respekte nesesite pou bay tout timoun menm chans pou yo reyisi.
MENFP ankouraje direktè yo pou evite louvri pòt lekòl yo anvan dat 3 oktòb la jan Leta mande sa.
Pi lwen MENFP mande tout direktè depatmantal yo, ak sipò enspektè yo, Meri yo, Kazèk ak Azèk yo, pou pran tout dispozisyon pou fè respekte konsiy Leta bay pou rantre lekòl la fèt kòmsadwa.
Nap raple plizyè vwa te leve sitou nan sektè sendika edikasyon yo pou te ekzije repò ouvèti lekòl la .