Daprè yon rapò Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR), eklatman ant gang ak demonstrasyon fòs endividi ak zam ki anrejistre pou lane 2023 fè yon total 531 moun ki mouri, 300 blese. 277 moun te kidnape pandan 160,000 lòt te oblije kite kay yo. Nan dokiman sa, OHCHR la endike ka asasina sa yo, kidnapin ak deplasman yo te anrejistre nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, ak plizyè nan vil pwovens tankou “Petite-Rivière de l’Artibonite, Verettes, Liancourt.”
Toujou daprè rapò sa a, nan 2 premye semèn mwa mas la sèlman, eklatman ant gang yo lakòz pou pi piti 208 moun mouri, 164 blese ak 101 lòt ki kidnape.
“Nou vrèman konsène paske pa gen okenn kontwòl sou zak vyolans yo an Ayiti.” se deklarasyon pòtpawòl OHCHR, Marta Hurtado, nan laprès regilye Nasyonzini an nan “Genève.”
Rapò sa parèt nan moman kote group Gang “Kraze baryè” ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent asasine epi met dife sou yon kenzèn moun pou sèlman lendi 20 mas nan zòn Cago ak Tunnel ,ki trouve yo sou Wout Frè. Abitan nan zòn sa yo oblije abandone kay yo pou chape anba vyolans gang yo.