Plis pase 1600 moun tonbe anba bal nan latibonit soti mwa janvye 2022 pou rive novanm 2023 selon yon rapò BINUH sou zòn sa. 20 gang ak gwoup “auto defense ” kap feraye nan depatman sa ki rann lavi enposib latibonit.
Sitiyasyon sa gen gwo enpak sou peyizan yo kote 22 mil oblije kouri kite lakay yo. Sa lakoz gen mwens tè ki travay nan zòn sa yo ki lakoz grangou ap taye Banda.
Nan yon rapò ki soti nan septanm 2023 yo revele 45 pou san nan popilasyon Latibonit la ap viv nan ensekirite alimantè. Direktè dwa moun BINUH an Arnaud Royer ki tap prezante rapò sa a fè konnen gang Latibonit yo alye ak Gpèp sitou ”Vilaj de Dye ” ki pèmèt yo kontwole 80 kilomèt zòn Nò kapital la sa ki fasilite trafik dròg ak zam.
Se vre lapolis fè plizyè operasyon nan Latibonit men ki pa bay rezilta pou lontan malgre yo konn rive touye kèk chèf gang nan depatman.
Biwo entegre nasyon zini fè plizyè rekòmandasyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a tankou deplwaman rapid fòs miltinasyonal la jan konsèy sekirite nasyon zini an te adpotel nan rezolisyon 2699 la.
BINUH rekòmande tou pou nasyon zini pibliye prese prese gwo lis sanksyon an ekspè yo te travay sou li a, sal rele yon “mise a jour “.
Ranfòse polis nasyonal nan bal mwayen pou kapab reyaji , si lapolis la te jwenn mwayen li te kapab rezoud pwoblèm sekirite nan Latibonit selon Arnaud Royer ki esplike gang yo souvan opere nan yon seri kwen presi sou wout nasyonal yo, pou yo ka kontwole mache ak transpò piblik.
Yon prezans ranfòse lapolis nan zòn sa yo tap diminye pwoblèm nan selon defansè dwa moun nan ki kwè otorite yo parèt pa gen volonte pou rezoud problèm sa ki deteryore depi 18 mwa.
BINUH rekòmande tou pou otorite yo bay lajistis mwayen Pou yo travay kòmsadwa. Arnaud Royer raple move kondisyon tribinal yo nan peyi a ki pa nòmal .