Se pa yon sekrè pou peson enstabilite politik la akfenomèn ensekirite a gen gwo konsekans sou ekonomi an . Daprè ekonomis Fritz Alphonse Jean gen 67 pousan ayisyen ki nan peyi dayiti kap viv sou lajan dyaspora .
Espesyalis la denonse otorite monetè ki te pran desizyon pou bay transfè yo an goud .Yon desizyon ki pa nan enterè popilasyon an selon esplikasyon Fritz Alphonse Jean.
Selon enfomasyon prezidan eli akò Montana,leta pèdi nan ladwan ak nan Direksyon Jeneral Enpo 500 Milyon dola chak ane.Sitiyasyon sa se rezilta Yon group moun ki nan enpòtasyon ki gen kontwol la Dwan ak DGI daprè presizyon ekonomis lan.
Pou jwenn solisyon ak pwoblem sa spesyalis ankouraje popilasyon an leve kanpe pou mobilize nan lide pou chanje desten yo .
“67 pousan ayisyen an Ayiti ap viv sou lajan dyaspora ,retire dola nan biwo transfè yo pa nan enterè popilasyon an”
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.