Nan yon kominike pou laprès Primati a pibliye jodi dimanch 3 mas 2024 la, Gouvènman Ayisyen an di li okouran atak gang ak zam fè ayè samdi 2 mas la ak 3 mas la kont pi gwo prizon sivil peyi a ak prizon Kwadèboukè a.
Gouvènman pwofite salye kouraj ak detèminasyon polisye yo ki fè tout sa yo kapab pou yo te repouse atak sa yo, pandan l pwomèt pou l trake tout evade yo ak moun ki komèt zak sa yo.
Daprè kominike Primati a, ajan Lapolis nasyonal peyi Dayiti yo te anfas anpil kriminèl ak gwo zam fann fwa ki te vle nenpòt jan libere plizyè prizonye. Kominike Primati a fè konnen n ap site, “moun sa yo bandi yo te swete libere yo te nan prizon paske yo te tiye moun, paske yo te fè kidnapping, paske yo komèt anpil enfraksyon grav tankou yo egzekite sivil, yo boule, yo piye byen piblik tankou prive.” Malgre polisye yo fè sa yo kapab toujou daprè kominike a, yo pa t rive anpeche yon gwo kantite prizonye ki sove kite prizon an.
Atak sa yo fè anpil blese nan tou 2 pi gwo sant kaseral peyi a. Genyen plizyè anplwaye administrasyon penitansye a ki soti blese. Menm jan ak plizyè prizonye ki blese tou anba gwo kout bal ki t ap tire nan tout direksyon. San yo pa di konbyen prizonye ki sove Gouvènman an pwomèt pou yo arete tout prizonye ki sove yo epi trake responsab ak konplis zak sa yo.
Gouvènman te pwofite remèsye popilasyon an ki te rete tèt frèt, ki pat pran nan pwovokasyon.
N ap raple depi nan maten jou kite jedi 29 fevriye 2024 la, bandi ak zam yo ki ta mete tèt yo ansanm ap atake san rete Lapolis nasyonal la sou plizyè pwen. Yo deja boule komisarya Pòtay Lewogàn nan menm jan ak komisarya Dèlma 3, yo pran kontwòl komisarya Kabarè, kazo, elatriye.
Carl Henry Florant