Premye Minis Garry Conille rankontre, dimanch 16 jen 2024 la, fanmi polisye Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) ki mouri asasinen dimanch 9 jen pase a nan Dèlma 18. Chèf gouvènman an pwomèt pou l pran desizyon pou ranfòse aksyon Polis Nasyonal Dayiti a epi sipòte paran viktim yo.
Daprè yon kominike «Objektif rankont sa a se te senpatize ak manm fanmi polisye bandi yo touye nan egzèse devwa yo epi konprann atant paran viktim yo.»
«Peyi a p ap ka remèt nou pitit ou yo. Men, nou kapab asire ke Ayiti pa janm bliye yo pou sèvis fidèl yo rann nan nasyon an,» Se sa PM Minis Garry Conille, ki montre li sansib ak doulè paran polisye ki viktim yo.
«Ofisye lapolis yo te fè gwo sakrifis pou sèvi nasyon an. Mwen pran angajman pou bay fanmi yo tout sipò enkondisyonèl gouvènman mwen an,» se asirans sa Premye minis Garry Conille te bay fanmi polisye yo.
Chèf gouvènman an deklare ke li pral asire yon repons enstitisyonèl , responsab epi rapid bay paran polisye viktim yo. Li pral asire kreyasyon yon kad legal pou sipòte tout fanmi polisye ki mouri nan egzèse devwa yo.