Malgre ensistans Paris Saint-Germain, jwè AS Monaco a, Aurélien Tchouameni, pral siyen ak ekip Real Madrid lan. Selon journal Marca Mezon Blanch lan deja gen yon akò ak jwè a, li sèlman rete pou finalize dosye sila ak Monaco. Trazanksyon sa ap koute ekip Madrilèn plis pase 100 milyon €.
Tcouameni se yon entènasyonal fransè ki gen 22 lanne sou tèt li (10 kap, 1 gòl avèk laFrans), li se tou ansyen jwè Bordeau. Jwè a te geng plizyè gwok klèb tap fèl zye dou tankou Real Madrid, Paris Saint-Germain ak Liverpool.
JKC