«Moun sa yo se pòt pawòl gang yo», se konsa Komisè Gouvènman Nip yo Jean Ernest Muscadin te reponn kesyon jounalis yo ki konsène òganizasyon dwa moun k’ap mande pou yo revokel epi arete l paske li te egzekite yon swadizan bandi ki fè pati gwoup “Izo” nan Vilaj de Dye.
Nan yon lèt ki te adrese a Minis Jistis ak Sekirite Piblik la Me Bertho Dorcé, Fondasyon Je Klere (FJKL) te mande revokasyon Komisè Gouvènman Miragoâne Me Jean Ernest Muscadin poutèt li te egzekite Elvé Jean Jacques alias “Zo Pwason”.
Komisè pat pran tan poul te reponn ak òganizasyon dwa moun yo : « Moun sa yo se pòt pawòl gang yo yo ye, pa okipe yo, epi fanm ki rele Marie Yolène Gilles, ke m pa byen konn nonl lan chita telman mal popilasyon an wè yon ti Lapli nan fouk li », se sa chèf pakè Miragwan nan deklare.
« Mwen menm komisè Muscadin, nou pa pè nou pa krent, tou pandan nou la kòm komisè gouvenman, fè m konfyans, Nip là ap toujou rete simityè pou nèg yo, m di lm kanpe deyè l,se sou zam m apiye pou m dil »
Ayè lendi 6 jen an, plizyè milye moun te pran lari an Miragwan pou te pote sipò yo bay komisè Gouvènman Nip yo. «Mwen pa dòmi pou popilasyon an ka dòmi.» Se sa komisè Muscadin fè konnen.
JKC