Seleksyon ayisyèn mesye yo bat Montserrat 3 gòl a 2 (3-2) nan kad dezyèm jounen Lig Nasyon Concacaf yo. Gras ak rezilta sila, pwoteje Jean-Jacques Pierre lanse yo nan kous pou premye plas nan gwoup B a.
Mondy Prunier (5′), Antoine Carnejy (9′) ak Steeven Saba (25′) make twa gòl seleksyon nasyonal la. Pou kounye a jwè Jean Jacques yo okipe dezyèm plas nan gwoup B an ak 4 pwen dèyè Guyane Anglaise ki gen 6 pwen li menm. 2 pwochen sòti grenadye yo se pral kont Guyane ki bat Bermuda 2-1. Guyanais yo se kounya advèsè dirèk Ayiti pou konkèt premye plas nan gwoup B a.