Otorite migratwa ameriken yo anonse arestasyon 109 migran ayisyen nan Middle Florida Keys ,eta Floride lendi 08 dawout .Pou kounya migran sa yo nan Yon sant detansyon nan eta Floride .
Dènye tan sa yo ,pil ayisyen ki entesepte pandan vwayaj ilegal yo nan peyi Etazini , Porto-Rico ak Bahamas enkyete anpil otorite yo nan peyi sa yo poutan an Ayiti otorite konpetant.yo rete bwa kraze .
Gen plizye ayisyen kap kouri kite peyi a akoz chomaj ,grangou ,lamize ak ensekrite .Genyen ki gen chans sove poutan gen lòt ki mouri nan lanmè.
Ayiti/Migrasyon:Otorite migratwa ameriken yo arete 109 migran ayisyen nan Floride
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.