Yon klasman sit money.co.uk ke Magazin Forbes pibliye,mete Ayiti pami 50 pi bèl peyi nan mond lan malgre enstabilite politik, ensekirite ak dezas kap ravaje pati lwès zile a pandan plizyè lane. Ayiti pozisyonel nan 48yèm plas nan lis la epi Repiblik Dominikèn nan 45yèm plas la.
Pou fè klasman sa a, sit la baze sou yon seri kritè. Money.co.uk te analize kantite mèvèy natirèl chak peyi, soti nan resif koralyen ak forè twopikal nan vòlkan ak plis ankò. Apre analiz sa yo, sit la konpile yon lis 50 pi bèl peyi nan mond lan, pami yo Ayiti klase 48yèm. “Li klè ke peyi sa yo gen anpil pou ofri vizitè yo, kit ou prefere monte nan mòn yo oswa detann sou kòt la,” se sa Sal Haqqi, editè finans pèsonèl nan money.co.uk te fè konnen.
Klasman an prezante Endonezi kòm peyi nan tèt lis kote ki pi bèl nan mond lan, ak yon nòt bote natirèl 7.77 sou 10. Nan peyi Endonezi ou jwenn plis pase 17,000 zile.