Apre yon rankont sou Ayiti nan Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, 19 peyi manm OEA siyen yon rezolisyon , ki konfime angajman yo pou ede pèp ayisyen an. Yo mande kominote entènasyonal la pou l ede ranfòse PNH la epi bay peyi a yon gwo asistans sekirite.
“Nou afime angajman nou pou ede ayisyen travèse defi sekirite konplèks peyi a ap fè fas la, epi nou mande kominote entènasyonal la pou l bay asistans sekirite solid, tankou ranfòsman Polis Nasyonal Dayiti,” se sa nou te ka li nan rezolisyon sa ki disponib sou sit entènèt Afè Global Kanada.
Peyi ki siyen rezolisyon sa a plede an favè etablisman yon koridò imanitè, pou moun ka jwenn pwovizyon “Nou pran angajman pou nou travay ansanm pou retabli yon klima lapè an Ayiti. Nou kondane abi gang ak zam yo fè. Nou mande pati yo ki nan kè konfli a pou yo mete sou pye yon koridò imanitè imedyatman epi pou gaz la ka soti nan tèminal Varreux a, ansanm ak dlo potab pou yo ka satisfè bezwen popilasyon ayisyen an e pou pèmèt lopital yo reponn a ogmantasyon nan ka kolera nan peyi a”.
Yo mande tou gwo chabwak yo pou yo jwenn yon akò pou fasilite rezolisyon kriz la. “Nou ankouraje tout moun ki gen enterè nan sosyete ayisyen an, enkli fanm ak jèn yo, pou yo angaje yo nan yon dyalòg politik enklizif, lapè ak konstriktif pou yo ka idantifye yon solisyon politik solid e dirab. San yon akò, retabli sekirite a ap rete yon defi, menm jan ak òganize eleksyon lib e jis,” se sa nou te ka li nan rezolisyon an.