Asistan Sekretè Deta Afè Emisfè Lwès la, Brian A. Nichols, ki ap dirije yon delegasyon entè-ajans, rive Pòtoprens kote li gen pou l rete pou 48 èdtan, se sa Depatman Deta Ozetazini fè konnen. Nichols gen avèk li nimewo 2 nan Kòmandman Sid lame Ameriken an (Southcom).
“Vwayaj an Ayiti mwen an rive nan yon moman desizif alòske Ayisyen yo ap konfwonte yon epidemi kolera kap grandi, yon blokaj pò yo pa gang ame ak yon kriz gaz kap irite sitiyasyon imanitè epi sekiritè peyi a. Nou rete angaje a sante, byenèt ak sekirite pèp ayisyen an.” Se sa nou te li nan yon tweet diplomat la.
Selon yon kominike depatman Deta Ameriken delegasyon an pral rankontre ak Premye Minis Ariel Henry, Gwoup Montana, lidè nan sektè prive a ak gwoup sosyete sivil la.
Anplis vizit delegasyon an e kòm yon lòt siy detèminasyon ak sipò pou pèp ayisyen an, Gad Kòt Ameriken an deplwaye youn nan gwo bato patwouy li yo nan Pòtoprens sou demann gouvènman ayisyen an e an kowòdinasyon ak Depatman Deta a, toujou daprè nòt la.