De (2) nouvo manm elit politik ak ekonomik Ayiti anba sanksyon gouvènman Kanadyen an.Bòfrè ansyen Prezidan Michel Martelly a Charles Saint-Rémy alyas Kiko, alyas Arnel Bélizaire, ansyen Depite Delma/Taba, ajoute sou lis moun Kanada pran sanksyon paske yo ta patisipe nan aktivite kriminèl an Ayiti.
“Dènye sanksyon sa yo vize 2 manm elit ayisyen an: biznisman ak patnè ansyen prezidan Michel Martelly, Charles Saint-Rémy, ak ansyen depite a Arnel Bélizaire.Sanksyon sa yo enpoze entèdiksyon sou kèk aktivite yo, jele lajan ak byen yo ta genyen nan peyi Kanada. Moun sa yo pap vwayaje ale Kanada daprè Lwa Imigrasyon ak Pwoteksyon Refijye yo.” Se sa nou te ka li nan komike gouvènman Kanadyen an ki pibliye maten vandredi 13 janvier 2023 a.
« Kanada gen rezon pou kwè ke moun sa yo sèvi ak estati yo kòm manm enpòtan nan elit la an Ayiti pou pwoteje gang kriminèl ak zam yo epi pèmèt aktivite ilegal yo, tankou trafik dwòg ak lòt zak koripsyon », se sa kominike a fè konnen .
Jean Kenson CARRIES (JKC)