Réseau National des Groupes Sanguins de Rhésus Négatifs (RENAGSANG) denonse anlèvman ak sekestrasyon pòt pawòl estrikti a Jean Thony Lorthé vandredi 3 fevriye 2023 a nan laboule 12 .Nan kad yon konferans pou laprès ayè lendi an ,kodonatris RENAGSANG fè konnen jounalis la gen yon sante fragile.
Se yon nouvèl ki afekte non sèlman kòporasyon jounalistik la men tou RENAGSANG kote’l tap kolabore depi plizyè lane pou available pochèt san .
RENAGSANG egzije san kondisyon liberasyon jounalis la ak 2 lòt manm fanmil ki te akonpanye l nan moman zak la .
Nancy Lainé presize Jean Thony Lorthe se yon moun ki malad menm sil al nan aktivite l,chak jou li dwe pran medikaman,lèfini fanmi an pa gen lajan pou ta peye gwo sòm kòb ravisè yo reklame a.
Kodonatris Rezo a mande ak otorite konpetan yo pou pran mezi drastik nan lide pou mete fen ak fenomèn sa ki pa sispann mete dèy nan mitan fanmi ayisyèn lan .