Lendi 6 mas 2023, PSG fè konnen foutbolè brezilyen an, Neymar Da Silva Santos Junior, pral fè operasyon nan cheviy dwat li, kotel te blese ankò kont Lille 19 fevriye pase a. Sipèsta Paris an ap vwayaje pou al Doha pou yon operasyon “reparasyon ligaman”. “Jwè a ap apsan pou 3 a 4 mwa anvan li retounen nan atrenman kolektif”, se sa ekip kapital Frans lan presize.
Li posib pou PSG-Lille (4-3) la te dènye match Neymar pou sezon 2022-2023. Absan pou 3 rive 4 mwa, lè jwè Brezilyen an ap gen poul retounen se ap nan okazyon dènye jounen Ligue 1 an nan week-end 3-4 jen 2023. Si PSG ta rive nan final Ligue des Champions Neymar ap gen chans poul prezan.
Neymar pou sezon 2022-2023 make 18 gòl e li rive bay 17 pas gòl. Jwè a deja vire paj sezon 2022-2023, sou rezo sosyo yo li pibliye yon mesaj kotel fè konnen lap retounen pi fò, san okenn dout lap pale de retou li pou sezon pwochèn.