Byen bonè nan maten mèkredi 8 mas la ,lapolis nan komin Taba poze lapat sou Elcius Lindor,38 lane kap viv nan Galette Greffin (Beauduit) pou asosiyasyon malfektè. Endividi sa daprè lapolis se manm aktif gang kraze baryè ki gen nan tèt li Vitelhomme Innocent.
Nap sinyale Elcius se yon chofè ki spesyalize’l nan kondwi backo Loader pou fouye tou ki mennen kot chef gang yo ak patizan li yo selon PNH la.