
Pou final 120tyèm edisyon “Copa del Rey” la, Real Madrid bat Osasuna (2-1) , samdi 06 me a, nan stad Olympique Séville la (60 mil plas).
Entènasyonal brezilyen an Rodrygo Goes Silva fè 2kabès 2e, 70e minit, li pwofite Franchi etap 50 gòl nan 239 match sou koulè blancos yo.
Pou Osasuna Pampelune, mitan teren panyòl la Lucas Torro Marset 58e. Sa fè Real Madrid 20 fwa li chanpyon nan konpetisyon sa.
Balon dò fransè a, Karim Benzema ranpòte 25yèm twofe ak Real Madrid, li pwofite rejwenn latéral goch brezilyen an , Marcelo (2007-2022) ki te pran 25 tit tou. Se 2 jwè sa yo ki chanpyon plus fwa nan istwa Real Madrid. Atakan Osasuna Enrique Garcia Martinez Gonzalez fini meyè bitè konpetisyon an ak 5 gol.
Jonathan Charles