
Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl deside retire pèmi ansèyman pwofesè Philippe Decossard.
Ministè edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon kominike anonse anilasyon pèmi ansèyman pwofesè Philippe Decossard, ki akize vyòl sou yon ekolyè nan yon lekòl nan lokalite Duchity,nan depatman grandans peyi an.
MENFP dil adopte desizyon sa pandan lap tann otorite jidisyè yo rann yon desizyon sou dosye sila.
MENFP ankouraje tout ajan edikatif yo pou kontinye avèk sansibilizasyon kòd kondwit yo nan lekòl yo ak dokiman ki lye ak règleman ki vize konbat vyolans kap fèt sou tifi ak tigason nan lekol yo.