
Nan yon òdonans, jij enstriksyon Martel Jean Claude ranvwaye devan yon tribinal kriminèl ansyen senatè Youri Latortue pou jije pou detounman lajan ak priz ilégal enterè.
Pou ansyen sénatè a, pa gen priz ilegal enterè pa rapò ak règleman enteryè sena a paske ògleman an bay sénatè yo an fonksyon yo dwa pou chwazi yon moun kòm kòdonatè pou dirije biwo politik li.
Nan sa ki gen pou wè ak kesti gran kè a li te aksepte chwa madam Carmene Immacula Cantave kòm kòdonatris biwo sénatè a nan Gonayiv dayè kou dè kont te valide kontra sa daprè presizyon ansyen sénatè Youri Latortue.
« desizyon jij la Marthel JEAN Claude la pa korèk, paske pa gen anyen ki fèt dèyè do lalwa”, li kwè se pèsekisyon politik. Ansyen palmantè dil konfyan lap genyen batay la douvan lajistis.
Nan yon rankont ak laprès madi 4 jiyè a lidè AAA konfime li fè apèl odonans sa e se kabinè Samuel Madistin kap gen pou defann li nan kou dapèl .
Dirjan AAA raple dosye sa fé pati yon demach entimidasyon pèsekisyon ki demare depi lane 2020 ak dosye prè li te fe pou ‘’Ferme Latortue’’. Yon lajan li fin peye nan ONA ak tout enterè.