
Kredi foto : PNH
Bonna Fenold, ki fèt 12 fevriye 1979 nan Belle-Anse, Jean Gardy, ki fèt 12 fevriye 1977 toujou Belle-Anse ak Felisse Marckenson, alyas Pouchon, ki fèt nan dat 12 jiyè 1982 nan Mirebalais, jwenn arestasyon yo nan Lilavois 23 nan maten dimanch 9 jiyè 2023.
3 enfividi sa yo arete pou afilyasyon yo ak gang ki baze nan Belanton kote ” Lanmò San Jou “, lidè gang 400 Mawozo a ap dirije.
Nan operasyon sa lapolis konfiske twa (3) machin mesye sa yo tap sikile : yon Nissan, koulè nwa, ane 2000, ki anrejistre AA-69838; yon Nissan Pathfinder, koulè gri, ane 2001 e anrejistre BB-30072 epi Nissan Xterra, jòn, ane 2004 ki anrejistre BB-22123.
